Accessibility links

Breaking News

Kowoperasyon ant Ayiti ak Brezil an Bòn Sante


Drapo nasyonal Brezil la.
Drapo nasyonal Brezil la.

Pi gwo kowoperasyon Sid-Sid ki ekziste nan mond la twouve l ann Ayiti, selon anbasadè brezilyen an nan Pòtoprens, Fernando Vidal. Kowoperasyon sa a, ki benefisye yon finansman $70 milyon dola depi 2010, vin ranfòse gras ak yon nouvo anvlòp $20 milyon dola ki pral apiye pwojè nan sektè Sante a, sitou fonksyonman lopital kominotè li konstwi nan peyi a. Se minis sante piblik brezilyen an, Ricardo Barros, ki fè anons sa a lendi 15 janvye 2018 la pandan yon vwayaj ann Ayiti, kote li te vizite kapital la Pòtoprens ak Depatman Grandans la. Vizit nan Grand Ans la te gen 2 objektif:

-Dabò, inogirasyon sant chirijikal Lopital St Antoine nan Jeremie a ki te dewoule an prezans Premye Minis ayisyen an, Guy Lafontan, kèk manm kabinè li a ak plizyè lòt pèsonalite.

- Minis sante piblik brezilyen an te pwofite pou l inogire yon sant reyabilitasyon nan « Lopital Kominotè de Referans » Bon Repos a, ki pote non Zilda Arns, yon misyonè brezilyèn ki te mouri nan Pòtoprens jou tranblemanntè 12 janvaye 2010 la.

Kowoperasyon ayisyano-brezilyèn nan kouvri plizyè lot domèn tankou apui teknik pou Polis Nasyonal la. Pou sa ki konsène fòs zame tou nèf Ayiti mete sou pye a, Brezilya te siyen avèk Pòtoprens yon pwotokòl-dakò nan domèn jeni militè a. Anbasadè Vidal di Lavwadlamerik, akoz pwobèm bidjè, akò sa a poko antre ann aplikasyon; men li espere sa pral fèt nan jou k ap vini yo.

Diskou anbasadè brezilyen an ann Ayiti, Fernando Vidal.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:07 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w tande deklarasyon anbasadè brezilyen an ann Ayiti, Fernando Vidal.

XS
SM
MD
LG