Accessibility links

Breaking News

Vizit Pap Franswa nan Peyi Chili


Pap Franswa (agoch) pandan li t ap pwononse yon diskou o Chili nan kòmansman jounen madi 16 janvye 2018 la. Prezidan Michelle Bachelet (adwat) ki t ap aplodi.
Pap Franswa (agoch) pandan li t ap pwononse yon diskou o Chili nan kòmansman jounen madi 16 janvye 2018 la. Prezidan Michelle Bachelet (adwat) ki t ap aplodi.

Pap Franswa ap mande padon pou dega ireparab yon seri de pè nan peyi Chili te komèt sou timoun –yon eskandal ki fè dega sou entegrite Legliz Katolik e ki jete yon nyaj sou vizit Souvren Pontif la ap fè nan peyi sid-ameriken an.

Pandan pap la te pran lapawòl devan prezidan chilyen an, Michelle Bachelet, ak lòt diyitè nan kòmansman jounen madi 16 janvye 2018 la nan vil Santyago, li deklare:

<<Se yon bagay ki jist e nòmal pou nou mande padon e pou n fè tout efò posib pou n apiye viktim yo, menm nan moman kote nap pran angajman pou n garanti ke bagay konsa pa repete ankò.”

Pap Franswa --ki se premye siksesè Sen Pyè ki sòti nan Amerik Latin nan-- pa site non prèt chilyen ki gen pi move repitasyon kòm pedofil la (sètadi kòm yon moun ki renmen poze men sou timoun, tankou ti anfannkè, pou l komèt abi seksyèl sou yo). Prèt chilyen sa a rele Fernando Karadima, ki deja jwenn yon pinisyon pou l “pase tout rès vi li ap fè penitans, ap mande padon epi lapriyè” poutèt li te abize timoun seksyèlman.

Fidel katolik ki te viktim move zak monpè Karadima yo, te pale an piblik, nan lane 2010, pou yo ekspoze abi li yo aprè yo te pase plizyè lane ap pote plent devan otorite legliz yo pou di Pè Karadima te fè move bagay avèk yo, oubyen li te chache manyen yo nan move kondisyon pandan yo te jenn tinnedyè.

Jiskaprezan gen anpil sitwayen chilyen ki pa kontan ak Pap la poutèt li te pran desizyon, nan ane 2015, pou l nonmen Monseyè Juan Barros –yon pwoteje Pè Karadima – kòm Evèk vil Oorno- nan pati sid Chili. Nominasyon sa a lage gwo divizyon pami manm dyosèz la, menmsi Lepap di li potko okouran de abi Pè Karadima yo.

FILE - Reveran Juan Barros (mitan, agoch) nan seremoni kote yo tap konsakre li Evèk vil Osorno, nan pati sil Chile, nan dat 21 mas 2015.
FILE - Reveran Juan Barros (mitan, agoch) nan seremoni kote yo tap konsakre li Evèk vil Osorno, nan pati sil Chile, nan dat 21 mas 2015.

Se konsa tou, nan diskou Souvren Pontif la, li pa di yon mo sou Kadinal Francisco Javier Erràzuriz Ossa, yon gwo konseye papal ki rekonèt li te byen okouran de move zak Pè Karadima t ap komèt yo, men li pa t pran okenn dispozisyon pou wete misye nan tèt ministè li te dirije a.

Pwofesè Massimo Faggioli, k ap anseye teyoloji nan Inivèsite Villanova nan Filadèlfi daklare:

“Abi seksyèl nan Legliz se pi gwo pwen fèb Pap la pou sa ki konsènen kredibilite li. Sa etone mwen pou m konstate kijan Souvren Pontif la ak antouraj li pa konprann yo ta dwe fè plis efò pou yo rezoud pwoblèm sa yo anvan yo pran lari.”

Antou ka, gen anpil fidèl katolik nan peyi Chili ki twò kontan pou yo gen chans rankontre Pap Franwa, e menm gen chans wè li menm de lwen pandan vizit li nan peyi Chili. Se konsa plizyè milye moun te pran lari nan vil Santyago, nan jounen lendi 15 janvye 2018 la, pou yo te salye Pap la apre li te debke nan peyi a; menmsi ou pat bewen menm longvi pou w wè foul la te pi gwo lontan nan vizit li te fè nan lòt peyi latino-ameriken.

Pap Franswa pral eseye remanbre Legliz pandan sejou li o Chili kote pwogram li prevwa kèk rankont ak imigran, avèk manm gwoup endijèn chilyen Mapuche, epi ak viktim diktati militè ki te dirije peyi a ant 1973 e 1990.Men responsab pwogwam vizit la pa presize si Souvren Pontif la pral gen okazyon pou l rankontre ak viktim abi sekzyèl ki fèt nan legliz katolik yo.

XS
SM
MD
LG