Accessibility links

Breaking News

Venezuela-Vyolans: 3 Moun Mouri nan Manifestasyon. 16 Lòt Blese


O Venezuela, 2 jou manifestasyon melanje ak dechoukaj ki fèt nan pati lwès peyi a akoz manje ki manke, lakoz lanmò 3 moun pou pi piti tandiske gen 16 lòt ki blese.

Majistra kominal vil Arapuey, nan Eta Mérida, pale ak jounal El Universal pou l di pami 3 mò yo genyen yon jenn moun 17 tan ki tonbe anba bal pandan yon manifestasyon ki dewoule mèkredi 10 janvye a; 2 lòt moun ta pral pèdi lavi yo jedi 11 la pandan yo te nan liyn devan yon magazen kote yo tap achte manje.

Yon lòt kote, Prezidan Federasyon Nasyonal Elvè Bèt yo, deklare yon popilas moun te atake omwens 2 pwopriyetè bèt e yo te fin pa touye kèk bèf. Yon palmantè, yon manm opozisyon an, poste yon video sou kont Twitter li kote li montre yon douzèn gason ki tap atake yon bèf ak kout-wòch ak kout manchèt, pandan yon lòt nèg t ap di: “Se grangou nou grangou.” Peyi Venezuela gen lontan depi lap fè fas ak yon kriz ekonomik ki pa sispann vin pi grav.

XS
SM
MD
LG