Accessibility links

Breaking News

PrezidanTrump Pare pou "Kontak Dirèk Avèk Kore di Nò"

Prezidan Trump nan yon konsèy dè minis mèkredi 10 janvye 2018 la, kote li anonse li pare pou l rankontre ak dirijan Kore di Nò yo "lè moman apwopriye a va rive."
Prezidan Trump nan yon konsèy dè minis mèkredi 10 janvye 2018 la, kote li anonse li pare pou l rankontre ak dirijan Kore di Nò yo "lè moman apwopriye a va rive."

Prezidan Donald Trump fè konnen li pare pou l tanmen negasyasyon avèk Kore di Nò, men se “lè moman an va bon pou sa.”

Pandan Misye Trump t ap pale nan telefòn avèk prezidan Kore di Sid a, Moon Jae-in, nan jounen mèkredi 10 janvye 2018 la, li anonse dispozisyon li pou l òganize chita-pale ant Lèzetazini ak Kore di Nò si klima a apwopriye pou sa e nan sikonstans ki nesesè yo. Moun kapab jwenn anons sa a nan yon rezime kout-fil la ke La Mezon Blanch pibliye. Dokiman an di:

<< 2 prezidan yo ensiste sou enpòtans sa yo rele “presyon maksimòm ki dwe kontinye fèt sou Kore di Nò.” >>

Se biwo Prezidan Moon nan Sewoul, kapital Kore di Sid, ki te pibliye rezime konvèsasyon an an premye, yon jou aprè 2 Kore yo te reyalize premye rankont yo nan plis pase 2 zan. Daprè rezime ki parèt nan Sewoul la, “Prezidan Trump dakò sou yon pwen: sè ke pap gen okenn aksyon militè toutotan gen negosyasyon k ap dewoule.”

Chèf delegasyon Kore di Nò a, Ri Son Gwon, ki tap twoke dokiman avèk chèf delegasyon Kore di Sid la, Cho Myoung-gyon, aprè rankont yo nan vilaj Panmunjom nan zòn demilitarize a ki separe 2 Kore yo. (Dat: Madi 9 janvye 2018)..

Pandan lidè ameriken an t ap pale nan yon konsèy dè minis ki dewoule aprè kontak telefonk la, li di li byen kontan wòl li jwe nan efò ki te fèt pou pèmèt otorite 2 Kore yo retounen bò tab negosyasyon an. Misye Trump di, an palan de prezidan Moon: “ Li byen rekonesan pou sa n fè a; nouvèl ki sòti jodi a fè konnen se nou menm ki fè sa k rive a. Si nou pa t pran pozisyon nou te pran an, sa pa ta p janm rive.”

Prezidan Trump di li plase gwo espwa nan rezilta rankont sa yo. Li deklare: “Ki moun ki konnen kote sa ka rive? Ann swete sa debouche sou siksè pou lemond… pa sèlman pou peyi nou an, men pou lemond.”

XS
SM
MD
LG