Accessibility links

Breaking News

2 Kore yo Dakò Pou Yo Travay pou Bese Tansyon an Antre Yo

Prezidan delegasyon Kore di Nò a, Ri Son Gwon (nan mitan), jwenn yon bèl akèy nan men otorite Kore di Sid yo aprè li te fin travèse fwontyè a pou l asiste yon rankont nan Zòn Demilitarize a, swa nan vilaj Panmunjom (kote di Nò) ak vilaj Pajou, nan Kore di Sid. (Foto: 9 janvye 2018).

Otorite yo nan Kore di Nò ak Kore di Sid aksepte fè chita tande sou dosye militè pou yo ameliore relasyon yo; dirijan 2 peyi yo fè anons sa a apre premye diskisyon ofisyèl ki dewoule antre yo nan plis pase 2 zan.

Otorite yo nan 2 peyi rival ki pataje Preskil Kore a fè parèt yon deklarasyon an tèt-ansanm kote yo di yo dakò pou yo bese tansyon militè ki tap monte antre yo e otorite militè wo-lase 2 peyi yo prall rankontre pou yo abòde kesyon-an. Kore di No dakò tou pou l patisipe nan jezolenpik divès yo ki gen pou dewoule nan mwa fevriye 2018 la nan vil Pyeong Chang, nan Kore di Sid.

La Mezon Blanch fè konnen prezidan Trump pran angajman pou-l voye yon delegasyon wo nivo ak atlèt gwo kalib nan jezolenpik sa yo e li fè Seoul ak Pyongyang konpliman pou antant yo rive jwenn nan.

XS
SM
MD
LG