Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon Anti-Gouvènman yo ap Bese nan Iran


Manifestan pwo-gouvënmantal avèk yon gwo drapo iranyen nan men yo nan yon meeting ki deoule nan vil Mashhad, nan pati nòdès Iran. (Foto: Tasnim News Agency, 4 janvye 2018)
Manifestan pwo-gouvënmantal avèk yon gwo drapo iranyen nan men yo nan yon meeting ki deoule nan vil Mashhad, nan pati nòdès Iran. (Foto: Tasnim News Agency, 4 janvye 2018)

Nan Iran, manifestasyon anti-gouvènmantal kap dewoule nan kapital la, Teyeran, ak lòt kote nan peyi a, sanble ap pèdi entansite jodi jedi a, nan moman otorite yo ap eseye amelyore kondisyon ekonomik yo ki te pwovoke yon semèn pwotestasyon kote 21 moun pèdi lavi yo.

Jeneral Abdolrahim Mousavin --ki se kòmandan Haut Etat Major lame a-- remèsye fòs de lòd yo poutèt "Yo rive etenn dife rebelyon an." Bò kote pa l, minis enteryè a, Abdolreza Rahmani Fazli, fè konnen 42 mil moun atravè tout peyi a te patisipe nan manifestasyon yo. Pandansetan, televizyon Leta a montre, nana menm jounen jedi a, kèk gwo foul moun ki t ap patisipe nan mach an favè dirijan yo nan 10 vil --pami vil sa yo genyen Isfahan, Ardebil ak Mashhad, kote manifestasyon anti-gouvènmantal yo te kòmanse.

Prezidan Iranyen an, Hassan Rouhani, ki t ap pale pandan yon konsèy dè minis Teyeran, Iran.
Prezidan Iranyen an, Hassan Rouhani, ki t ap pale pandan yon konsèy dè minis Teyeran, Iran.

Yon pwòch kolaboratè lidè siprèm iranyen an, Ayatollah Ali Khameini, deklare: <<Pèp revolisyonè iranyen an te pran lari pou l pale a-tan e reponn enni yo ak moun kap simaye latwoublay yo.>> Moun kap kritike prezidan iranyen an, Hassan Rouhani, fè konnen misye abandone moun pòv yo lè l ap eseye ogmante pri gaz la; sepandan misye Rouhani di se yon bagay ki nesesè pou konbat chomaj la. Men sanble palman an pral vote pou rejte ogmantasyon sa a.

XS
SM
MD
LG