WASHINGTON, DC —
O Pewou lapolis di kantite moun ki mouri nan yon aksidan bis pasaje ki tonbe nan yon ravin tou prè kapital la, Lima, monte rive 48. Bis la te gen 50 moun abò l. Li t al fè kolizyon ak yon trelè madi 2 janvye a epi li tonbe nan ravin nan ki bay sou Oseyan Pasifik la.
Ekip sekouris pase nuit la ap wete kadav nan ravin nan. Otorite yo fè konnen gen 6 moun pou pi piti ki blese nan aksidan an e, daprè yo, sanble se twòp vitès chofè a t ap fè ki pwovoke aksidan an. Ensidan an rive nan yon viraj danjere ki rele " Koub Dyab la ".