Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Pozitif Premeye Minis Izrayelyen an sou Ranvèsman Politik Etazini Vizavi Dosye Jerizalèm nan


Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu.
Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu.

Premye minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, deklare jedi 7 desanm 2917 la li pa genyen okenn dout sou posiblite pou plizyè lòt peyi suiv Lèzetazini ki rekonèt Jerizalèm kòm kapital Eta Jwif la. Daprè chèf gouvènman izrayrlyrn an, lòt peyi sa yo pral fè menmman parèy ak Washington yon fwa Lèzetazini fin transfere anbasad li a nan nouvo kapital peyi li.

Nan yon diskou Misye Netanyahu pwononse nan ministè afè etranjè a nan Jerizalèm, li ajoute gouvènman li an pran kontak ak plizyè lòt peyi san li pa site non okenn nan yo. Pandanstan, lame Eta Ebre a deplwaye plizyè sòlda an plis sou tèritwa okipe Si-Jòdani nan kad sa yo rele preparatif pou sizoka reyaksyon popilasyon palestinyen an ta lakoz sitiyasyon an deteryore.

Desizyon Prezidan Donald Trump pran pou li ranvèse plizyè dizèn lane politik Washington vizavi dosye Jerizalèm, soulve gwo kritik prèske tout kote nan lemond, espesyalman bò kote lidè palestinyen yo.

XS
SM
MD
LG