Accessibility links

Breaking News

Kijan Ameriken nan Zòn Washington, D.C. Selebre Fèt Aksyon de Gras la (Thanksgiving Day)


Clowns ki t ap patisipe nan 91èm parad tradisyonèl magazen Macy's nan okazyon Jou Aksyon de Gras la (Thanksgiving Day) jedi 23 novanm 2017 la nan New York.
Clowns ki t ap patisipe nan 91èm parad tradisyonèl magazen Macy's nan okazyon Jou Aksyon de Gras la (Thanksgiving Day) jedi 23 novanm 2017 la nan New York.

Thanksgiving Day, ou Jou Daksyon de Gras, se yon gwo jou ferye Ozetazini e selebrasyon li toujou mache avek yon gwo kokenn dine kote moun manje avèk manm fanmi yo.

Si se yon jou kote sitwayen ameriken yo rann Bondye gras pou byenfè li fè yo pandan 12 mwa ki pase yo, se an menm tan tou yon jounen rejwisans alantou yon tab chaje ak manje e nan mitan fanmi. Nan jounen mèkredi 22 novanm 2017 la, Lavwadlamerik te vizite kèk magazen ak boutik nan zòn metwopolitèn Washington nan pou l konnen kijan ameriken nan kapital federal Lèzetazini an fè preparasyon pou gwo fèt sa a.

Prezidan Donald Trump ki tap prepare l pou l distribiye sandwich bay manm Gad Kòt Lèzetazini an nan Lake Worth Inlet Station, nan Riviera Beach, Eta Florid, nan okazyon Jou Aksyon de Gras la (Thanksgiving Day) jedi 23 novanm 2017 la..
Prezidan Donald Trump ki tap prepare l pou l distribiye sandwich bay manm Gad Kòt Lèzetazini an nan Lake Worth Inlet Station, nan Riviera Beach, Eta Florid, nan okazyon Jou Aksyon de Gras la (Thanksgiving Day) jedi 23 novanm 2017 la..

Fok nou di yon afe de 50 milyon ameriken fè deplasman nan okazyon Jou Thanskgiving nan; e pou majorite nan yo fè sa pou yo al jwenn manm fanmi yo ki tap viv lwen yo pandan tout ane a, paske Jou Aksyon de Gras la se yon jou yo pase jeneralman an fammi.

Nan vizit nou te fè nan yon magazen, nou te rankontre ak Misye Troy Baker ki tap achte sa l te bezwen pou l fè preparasyon pou fèt la. Li di nou :

“Ane sa a plizyè manm fanmi nou ap sòti nan Eta Vijini Oksidantal pou yo pase jounen avèk nou. Yon lòt kote, madanm mwen, ki te nan peyi Island, pran avyon pou l vin selebre Jounen Aksyon de Gras la avèk tout rès fanmi an nan zòn Washington nan. Nou pase tout nuit jounen mèkredi ap kuit manje rive jous jedi maten. Nou gen 11 a 15 timoun ak 4 granmoun kap vin patisipe avèk nou. Se pral yon gwo fèt, yon gwo selebrasyon. “

Nou te rankontre tou ak Alisson Lalli pandan li tap fè shopping pou Fòt Aksyon de Gras la. Madam Lalli fè deklarasyon sa a:

“Jiskaprezan mwen deja achte preske tout sa m bezwen pou m prepare fèt la: pwodui kuizin ak lòt bagay konsa. Men mwen poko achte sa m ap bezwen pou m prepare yon gato ak lot engredyen pou dine a. Dabitid mwen se yon moun ki prepare lontan davans pou Thanksgiving nan; paske si w rete tann twòp, ou pral nan bouskilad, tèlman gen moun kap achte.”

Madam Allison Lalli te pale avek nou nan vil Silver Spring, nan Eta Maryland, tou pre Washington DC.

XS
SM
MD
LG