Accessibility links

Breaking News

Afaganistan: 10 Moun Mouri nan yon Atak ak Bonm


 Ponpy afgan yo kap netwaye plas kote eksplozyon te fèt la nan Kaboul, Afganistan 16 novanm 2017.
Ponpy afgan yo kap netwaye plas kote eksplozyon te fèt la nan Kaboul, Afganistan 16 novanm 2017.

Nan Afghanistan, omwen 10 moun pedi la vi yo e anpil lòt blese nan yon ataka suisid ki rive jodiya tou prè yon plas kote yon meeting politik tap dewoule nan kapital peyi a, Kaboul.

Yon polisye nan vil la, Basser Mujahid, fè Lavwadlamerik konnen 8 ajan sekirite --pami yo genyen yon gwo komandan la polis-- twouve yo pami viktim yo nan atak sa a. Bonbis kamikaz la tap eseye antre nan yon building kote patizan gouvènè provens Balkh la, Attah Mohammad Noort, te reyini pou rann misye omaj pou sèvis li rann peyi a. Sepandan, pòtpawol la di:

"Malgre yo te pran gwo dispozisyon sekirite tout alantou building nan, atakan an te rive sote tèt li nan yon antre ki tou prè a." Media yo nan Afganistan, ki site kèk sous sekirite, mete bilan moun ki mouri yo a plis pase 18, pami yo genyen divès sivil.

XS
SM
MD
LG