Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: 2 Ameriken Dorijin Ayisyen Eli Konseye Minisipal nan Boston


Foto sipòtè kandida nan eleksyon
Foto sipòtè kandida nan eleksyon

Pati demokrat Lèzetazini an ap selebre seri viktwa li ranpòte nan eleksyon pou pòs gouvènè nan eta New Jersey ak eta Virjini ak nan Boston. Natacha Clerge ak Dalancourt, 2 ameriken dorijin ayisyèn ranpòte laviktwa nan minisipalite Brockton ak Randoph eta Massachussetts.

Kandida demokrat Ralph Northam ranpòte laviktwa pou pòs gouvènè nan eta Virjini, kote li bat kandida repibliken Ed Gillespie, pou l ranplase gouvènè demokrat sòtan an Ted McAuliffe.

Obsèvatè yo kwè viktwa doktè Ralph Northam nan se yon defèt pou stil politik prezidan Donald Trump ki kreye divizyon Ozetazini. Pandanstan, prezidan Trump, k ap fè yon virewon nan 5 peyi sou kontinan azyatik la, mete yon mesaj sou kont Twitter li a pou l di :"kandida repibliken Ed Gillespie te mennen yon kanpay sere, men li pat anbrase m epi li pa dakò ak pozisyon mwen pran nan politik."

Nan New Jersey kandida demokrat Phil Murphy ranpòte eleksyon pou pòs gouvènè devan gouvènè adjwen repibliken Kim Guadagno. Gouvènè eli a ap ranplase Chris Christie ki pat kapab al dèyè yon twazyèm manda.

XS
SM
MD
LG