Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken Frederica Wilson Mande Lèzetazini Pwolonje TPS pou Ayisyen yo


Depite Fredrica Wilson (ak rad e chapo wouj).
Depite Fredrica Wilson (ak rad e chapo wouj).

Depute Frederica Wilson, yon manm Chamn Bass Lèzetazini an ki reprezante Eta Florid, pibliye lendi 6 novanm 2017 la yon nòt pou laprès biwo li prezante kòm yon "kominikasyon ijan” ki gen pou tit:

“ Madanm Fredirica Wilson pran tèt yon gwoup palmantè ki patwone yon pwopozisyon-lwa sou pwolonjman TPS (Statu Pwoteksyon Tanporè a) pou sitwayen ayisyen yo.”

Nòt la di :

“Depite Frederica WiIson entwodui yon rezolisyon ki jwenn apui palmantè tou lè 2 pati yo, pou mande yon pwolonjman TPS la pou sitwayen ayisyen yo jiskaske Ayiti va demontre li rekanpe sou 2 pye l anba yon seri de dezas natirèl ak dezas lòm kreye. Deziyasyon Ayiti pou TPS la ap rive nan bout li an janvye 2018; sepandan peyi a kontinye ap redi toujou pou l rebati tèt li aprè tranblemanntè 2010 la, yon epidemi kolera, Siklòn Mathyou, ak kèk lòt evennman malouk. Rezolusyon sa a (ki pote referans No. 88 e ki genyen 36 ko-pawon) ta kapab pwolonje TPS la pou 18 mwa. Men sa ki di nan tèks lejislasyon an:

“Ayiti antre nan yon pwosesis long e ki plen defi pou rebati enfrastrikti ak ekonomi li. Alòske li difidil pou moun prevwa konbe tan sa ka dire, pa gen dout sou le fèt ke peyi a twouve l toujou nan enposiblite total pou l byen resevwa epi ede plizyè dizèn milye moun ki ta oblije retounen ann Ayiti…” daprè Depite Wilson.

Elaine Duke, minis pwovizwa Sekirite Enteryè Lèzetazini, depatman ki nan tèt sèvis imigrasyon ak ladwann ameriken.
Elaine Duke, minis pwovizwa Sekirite Enteryè Lèzetazini, depatman ki nan tèt sèvis imigrasyon ak ladwann ameriken.

An janvye 2010, yon tranblemanntè te deplase plis yon milyon 500 mil moun e te fè dega pou 14 milya dola. Yon epidemi kolera te vin mete abse sou klou; moun ki te pwovoke epidemi sa a se manm twoup mentyen lapè l’ONU yo ki te mele nan move pratik sanitè pandan yo te nan peyi a pou ede efò rekonstriksyon yo apre tranblemanntè a. Siklòn Matthew ta pral fè bagay yo vin pi malouk toujou; e li te kite sou pasaj li dega pou 3 milya dola tandiske li ta pral lage yon milyon 400 mil lòt moun nan bezwen pou asistans imanitè.

Dapre Bank Mondyal, kwasans ekonomik Ayiti vin redui a mwens ke 1% epi to chomaj la se 40%. An plis de sa, 60% Ayisyen yo ap viv ak yon lajan ki pi ba pase nivo povrete peyi a ki se 2 dola 42 pa jou. Imigran Ayisyen ki gen TPS yo ofri peyi yo yon bon pati nan kontribisyon Ayisyen kap viv Ozetazini yo voye nan peyi yo, ki se yon montan yon milya 300 milyon dola pa ane atravè transfè ki kore ekonomi ayisyèn nan e yo pran swen jiska 500 mil paran.

Depite Wilson ajoute: “Lèzetazini tap poze yon aksyon a la fwa kriyèl e san kè si li ta kondane san rezon yon afè de 60 mil moun ki gen lontan depi y ap viv e travay Ozetazini pou yo al mennen yon vi ki plen ensètitid ak dezespwa. An plis de sa, yon aksyon konsa tap genyen yon konsekans malouk sou ekonomi amerikèn nan…

“Depòtasyon Ayisyen ki gen TPS yo nan peyi yo tap koute Lèzetazini preske yon demi milya dola; plis pase 2 milya 700 milyon dola an pwodui nasyonal bri, epi 428 milyon dola nan kontribisyon pou sekirite sosyal ak swen medikal (Medicare) pandan 10 zan…

Depite Wilson ajoute: “Puiske mwen te fè yon toune nan peyi a epi mwen te konstate devastasyon san parèy yo ak 2 je mwen, se avèk fòs m ap bay otorite you nan Depatman Sekirite Eneteryè a konsèy pou yo fè yon vizit ann Ayiti pou yo kapab wè sitiyasyon an ak pwòp je yo. Se sèl mwayen yap kapab pran yon desizyon ekitab e enfòme, epi mwen gen konfyans, lè yo va fin fè vizit sa a, yo pran desizyon ki kòrèk epi yo va pwolonje TPS la pou sitwayen ayisyen yo.”

XS
SM
MD
LG