Accessibility links

Breaking News

8 Novanm 2016 - 8 Novanm 2017 : Donald Trump, Prezidan Ameriken ki Mwens Popilè apre Yon Lane


Prezidan eli Donald Trump (agoch) ak Vis Prezidan eli Mike Pence. Foto: 9 novanm 2016.
Prezidan eli Donald Trump (agoch) ak Vis Prezidan eli Mike Pence. Foto: 9 novanm 2016.

Ozetazini, plizyè milye sitwayen ameriken gen plan pou yo fikse zye yo nan lesyèl, mèkredi 8 novanm 2017 la, epi lanse tout kalite rèl yon fason pou yo manifeste « degou yo ak mekontantman yo poutèt se Donald Trump yo geyen kom prezidan yo », nan okazyon premye anivèsè eleksyon ki te mennen Misye Trump sou pouvwa a. An tousa, se konsa òganizatè mouvman sa yo.

Se yon manifestasyon moun pat janm wè anvan nan tout istwa Lèzetazini … yon mouvman ki pwovoke mokri sektè konsèvatè yo pou òganizatè yo nan anpil vil. Sa montre gwo kokenn divizyon ki egziste ant yon minorite ameriken ki fèmen je yo pou yo apiye fidèlman gouvènans Trump la, avèk rès popilasyon an ki, yo menm tou, leve wva yo byen fò pou yo di kijan yo pa renmen prezidan an. John Mahaffee, direktè egzekutif Sant Detud Zafè Prezidans la ak Kongrè a, deklare :

« Politik amerikèn nan te kòmanse lage divizyon nan mitan elektora a byen lontan anvan monte Trump sou pouvwa a. Se manifestasyon yon sòt de tribalism kap monte nan mitan òm politik nou yo. Nou pa sispann wè demokrat k ap vin de deplizanpli fawouch, repibliken kap vin deplizanpli irediktib, alòske pousantaj moun kimodere ki nan mitan an pa sispann diminye oubyen yo pa fè tande vwa yo. ».

Donald Trump ak Madanm li, Melania Trump, nan sware eleksyon 8 novanm 2016 la.
Donald Trump ak Madanm li, Melania Trump, nan sware eleksyon 8 novanm 2016 la.

Daprè yon sondaj dopinyon chèn televizyon ABC ak jounal Washington Post pibliye nan okazyon premye anivèsè eleksyon prezidansyèl 8 novnam 2016 la, Donald Trump se prezidan ameriken ki gen mwens popilarite apre yon lane sou pouvwa depi kalte sondaj sa yo te kòmanse fèt sa gen 70 zan. Sou chak 5 ameriken, se apèn si 2 di yo kontan ak jan lap dirije peyi a; preske 60 pousan deklare kareman yo pa dakò ak gouvènans li a --e pi fò nan moun sa yo ensiste pou di yo pa kwè yap chanje lide yo pandan rès manda Trump la.

XS
SM
MD
LG