Accessibility links

Breaking News

Komisè Gouvènman Pòtoprens la Rektifye Nòt Ki Mande Laprès Kolabore ak Lajistis


Manifestasyon nan Pòtoprens kont Prezidan Michel Martelly 24, janvye 2016. Pòtoprens,Ayiti.
Manifestasyon nan Pòtoprens kont Prezidan Michel Martelly 24, janvye 2016. Pòtoprens,Ayiti.

Komisè Gouvènman Pòtoprens la, Mèt Clamé Ocmane Daméus, pibliye yon nòt deprès nan kòmansman semèn nan pou l mande medya yo founi l enfòmasyon yo ta genyen sou moun k ap fè dezòd pandan dewoulman manifestasyon opozisyon an ap òganize kont pouvwa an plas la, yon demand asosyasyon jounalis ayisyen an ak Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen yo rejte kategorikman.

Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH), Asosyasyon Nasyonal Meday Ayisyen (ANMH) ak lòt òganizasyon fè konnen egzijans komisè a se yon vyolasyon grav libètè laprès.

Komisè Daméus ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik nan mikwo Jean Robert Philippe sou nòt li a, kote li mande repòtè estasyon televizyon yo rezève pou otorite yo yon kopi tout videyo yo anrejistre sou manifestasyon anti-gouvènmantal yo, di li kapab toujou rektifye sal vle di a, men tou lajistis fèl obligasyon pou mande kolaborasyon nenpòt antite nan peyi a nan enterè sosyete a.

Asosyasyon jounalis di bò kote pa yo, yo pa kapab fè travay komisè a ki sanble ta mande yo denonse moun k ap fè dezòd pandan manisfestasyon yo. Sou pwen sa a Komisè Ocnam Clame Dameus chache kalme espri jounalis yo lè l di se senpleman yon kolaborasyon akoz dapre li medya yo kapab gen aksè ak enfòmasyon pakè a pa genyen.

Mèt Dameus presize li pa gen entansyon pou l fè jounalis yo tounen espyon men pito moun k ap enfòme l. Pou sa ki gen rapò ak nòt li te voye bay responsab medya yo, komisè a di li kapab modifye langaj kominike a san li pa chanje espri nòt la ki se kolaborasyon li mande jounalis yo pou ede l fè travay li.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG