Atravè aktivite sa ki rasanble fanm nan 10 depatman peyi a, Chanm komès ak endistri, fanm antreprenè Dayiti, CCFEH angaje yon refleksyon sou wòl medam yo nan aktivite ekonomik pou kreye travay ak richès ann Ayiti.
Prezidant CCFEH la Daniella Jacques kil anse foròm ekonomik sa a, nan sant konvansyon ak Dokimantasyon BRH la madi 24 oktòb la a, fè konnen yo pral brase lide sou bezwen spesifik fanm yo nan sektè ekonomik ak antreprenaryal la a.
Sou bò pa’l anbasadè Canada a ann Ayiti, Andre Frenette salye inisyativ sa ki vize mete an valè travay fanm yo nan sosyete a. Li swete pou medam yo nan foròm lan prezante gwo pwojè yo genyen ki kapab kontribiye nan devlopman peyi a.
Nan fen aktivite sa a, Chanm komès ak endistri ak fanm antreprenè Dayiti yo swete abouti ak yon rezolisyon nasyonal pou fè pwomosyon antreprenarya feminen an sou tout teritwa nasyonal la, nan domèn ki chita sou pwodiksyon richès peyi a.