Accessibility links

Breaking News

Etazini Jistis – Kou Masyal Pou Sèjan Bowe Bergdahl


Sèjan Bowe Bergdahl pandan li te konparèt nan yon tribinal militè nan Fort Bragg, Eta Kawolin di Nò, nan dat 12 janvye 2016, pou preparasyon jijman li. (Dosye)
Sèjan Bowe Bergdahl pandan li te konparèt nan yon tribinal militè nan Fort Bragg, Eta Kawolin di Nò, nan dat 12 janvye 2016, pou preparasyon jijman li. (Dosye)

Sèjan lame amerikèn Bowe Bergdhal --ki te pase 5 kan kòm otaj anba men militan taleban yo nan Afganistan anvan li te jwenn liberasyon li nan yon echanj prizonye-- plede koupab lendi 16 oktòb 2017 la pou akizasyon deske li te mete lavi kòlèg li yo an danje lè li te pati kite pòs li kòm yon sòlda.

Sèjan Bergdhal --ki te konparèt devan yon kou masyal nan Baz Fort Bragg, nan Eta Kawolin di Nò-- plede koupab pou akizasyon deske li te komèt dezèsyon ak move konpòtman devan lennmi. Kòm pèn, li kapab resevwa yon kondanasyon pou l pase tout rès vi l nan prizon.

An 2009, Sèjan Bowe Bergdhal te tonbe anba men militan taleban yo yon ti tan aprè li te kite pòs li; imedyatman otorite militè ameriken yo te lanse yon operasyon rechèch pou yo te jwenn li. Sèjan an, ki se moun Eta Idaho, fè konnen li te vle atire atansyon sou sa l konsidere kòm pwoblèm ki te geyen nan mitan batayon li a.

An 2014, li te jwenn liberasyon li nan yon echanj pou 5 militan taleban ki te prizonye sou baz naval Guantanamo a nan Kiba. Lidè repibliken yo nan Kongrè a te kritike Prezidan Barack Obama [paske, dapre yo, echanj prizonye sa a te mete sekirite nasyonal Lèzetazini an danje.

XS
SM
MD
LG