Accessibility links

Breaking News

Etazini: Lapolis Ap Mennen Ankèt pou Konnen kisa Motive Sispèk la Fè Masak nan Konsè Las Vegas la


 Lapolis bare devan kay sispèk masak Las Vegas la, Stephen Craig Paddock, 2 oktòb 2017 nan Mesquite, Nevada.
Lapolis bare devan kay sispèk masak Las Vegas la, Stephen Craig Paddock, 2 oktòb 2017 nan Mesquite, Nevada.

Nan Las Vegas, nan Eta Nevada Ozetazini, lapolis fè konnen yon nèg ouvè koutzam sou moun ki tap asiste yon konsè country music byen ta nan sware dimanch premye pou leve lendi 2 oktòb 2017 la.

Bilan pwovizwa: preske 60 moun mouri e plis pase 500 lòt blese. Se asasina pa bann e pa pakèt ki pi tèrib ki rive Ozetazini.

Veye pou viktim Ls Vegas yo, 2 oktoòb 2017. (Foto: C. Mendoza / VOA)
Veye pou viktim Ls Vegas yo, 2 oktoòb 2017. (Foto: C. Mendoza / VOA)

La Polis Metwopolitèn Las Vegas idantifye atakan an kòm yon blan 64 tan ki rele Stephen Paddock. Li se moun Mesquite, nan Nevada. Li te ouvè koutzam sou yon foul 22 mil moun pandan li te nan chanm li sou 32èm etaj Kazino Mandalay Bay, pa lòtbò lokal kote konsè a tap dewoule a e kote video montre moun yo ki tap chache abri, ki tap rele anmwe oubyen kouri pandan atakan an te kontinye ap tire.

Chèf polis Metwoplitèn nan, Joseph Lombardo, deklare ajan SWAT Team te antre daso nan chanm otel kote Stephen Paddock te rete pou l tire; men lè yo rive, yo jwenn misye mouri. Daprè kòmandan Lombardo, otorite kwè Paddock touye tèt li.

Lapolis jwenn anpil zam diferan nan chanm nan.

Atis country music Jason Aldean t ap chante sou sèn nan pandan ensidan an rive a. Yon ti moman apre sa, li di li konsidere sa k rive a kòm “yon zak efrayik e tèrib.”

San Gwoup Eta Islamik la pa bay okenn prèv, li pran responsablite pou atak la, nan yon not kote li di -nap site: <<Atakan an sete youn nan sòlda nou yo e I te konvèti nan relijyon Lislam sa gen kèk mwa.” Fen sitasyon

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ekri sou kont Twitter li byen bonè lendi pou l di: “Mwen voye kondoleyans ak senpati sensè mwen bay viktim yo ak fanmi yo nan okazyon fiziyab efreyan sa a ki rive nan Las Vegas. Ke Bondye beni nou.”

Pi ta nan jounen lendi-a, prezinda an mete yon mesaj devan pèp ameriken an kote li di ---: << Nan moman trajedi ak zak horreur konsa, Ameriken yo mete tet yo ansanm kom un seul homme; e yap toujou fè sa. Nou repose sou lyen ki uni nou yo, swa lafwa nou, fanmi ak prensip nou pataje yo; nou repoze sou sitwayènte nou an, sou rapò ki makònen kominote nou yo, ak rekonfò imanite nou pataje a. Lemal pa kapab kaze rapò nou yo; vyolans pa kapab kraze unite nou an; e menm si asasina san sans sa yo, ki pran lavi konsitwayen nou yo,,, fè nou fache anpil, se lanmou nou ki defini nou e ki va defini nou pou tout tan va gen tan.>>

Sete pawol prezidan Donald Trump ki, nan kòmans-man apremidi a, akopaye ak madanm li, Melania, ak sekretè Deta Rex Tillerson e madanm li, te dirije yon moman silans nan memwa viktim yo nan La Mezon Blanch.

Bò kote pa li, Senatè Dean Heller, ki reprezante Nevada, di li konsidere asasina an mas sa a kòm “yon zak vyolans ki pa gen sans e tèrib”, tandiske Gouvènè Nevada a, Brian Sandoval, deklare se yon “zak trajik e atwòs.”

XS
SM
MD
LG