Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gouvènman an Dekrete Alèt Wouj sou Tout Teritwa Peyi Dayiti nan Okazyon Pasaj Siklòn Irma a


Ayiti: Otorite yo Mobilze Tout Sèvis Sekou yo Akoz Menas Siklòn Irma sou Peyi a
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:00 0:00

Ayiti: Otorite yo Mobilze Tout Sèvis Sekou yo Akoz Menas Siklòn Irma sou Peyi a

Pòt lekòl yo rete femen jiska vandredi 8 septanm, otorite yo fè konnen gen 793 abri pwovizwa ki disponib sou 7 depatman jeografik peyi an ak 18 mil ajan pwoteksyon sivil ak Lakwa Wouj pral mobilize san konte polis nasyonal la ki pral ede nan evakiyasyon moun ak sekirize vi ak byen

Siklòn Irma ki nan kategori 5 riske frape 5 depatman jeografik peyi an tankou nò sant, latibonit,, nòdès ak nòdwès. Otorite yo pran desizyon pou dekrete alèt wouj sout teritwa nasyonal la depi jodi mekredi a 8 tè nan maten akoz posibilite pou gen gwo lapli ak ris inondasyon. Kòm prevansyon, gouvenman mete an plas yon sant komand nan rezidans premye minis lan nan Musseau.

Minis enterye ak kolektivite teritoryal yo mande popilasyon ki abite nan zòn arisk yo pou kòmanse deplase et mete dokiman enpotan tankou paspo akdenesans nan yon lye si. Dr. Max Rudolph Saint Albin di li konte anpil sou sipo medya yo nan kad sansibilizasyon popilasyon an pandan pasaj siklòn Irma sou peyi Dayiti.

Abitan nan Bourdon eksplike nan mikwo Lavwadlamerik enkyetid yo genyen pa rapo ak pasaj siklon Irma sou peyi Dayiti. Abitan sa yo admèt kote yap viv la riske sitou lè gen katastwof natirèl. Sepandan, yo di yo pa gen lòt altènatif pandan yo pa ekate posibilite pou aplike a la let konsiy sekretarya pemanan kap jere risk ak dezas.

XS
SM
MD
LG