Accessibility links

Breaking News

Etazini: Palmantè yo Pral Konsidere yon Finansman 7 Milya 900 Milyon Dola pou Viktim Siklòn Harvey


Kongrè ameriken an nan Washington DC, kapital Etazini.
Kongrè ameriken an nan Washington DC, kapital Etazini.

Palmantè yo nan Kongrè Etazini an retounen travay madi 5 septanm 2017 la apre yon vakans ki te dire yon mwa. Mesye dam lejislatè ameriken yo ap fè fas ak dèle kap tann yo pou yo fè gouvènman an jwenn finansman pou l kontinye fonksyone, e yo pwal gen yon nouvo travay ki se apwouve fon lajan pou ede moun ki pran frap anba Siklòn Harvey.

Palmantè yo pwal konsidere yon finansman 7 milya 900 milyon dola kòm repons pou tanpèt la ki te bay inondasyon nan vil Houston, 4èm pi gran vil peyi a, ak yon seri lapli ki bat tout yon rekò.

An menm tan tou, Kongrè a gen jiska finisman mwa a pou l ogmante nivo dèt ke gouvènman an ka fè, oubyen limit lajan ke gouvènman an ka prete pou l peye bòdwo li.

XS
SM
MD
LG