Accessibility links

Breaking News

Ayiti: 2 Moun Mouri Plizyè Lòt Blese nan yon Aksidan Machin nan Gonayiv


Aksidan nan Gonayiv
please wait
Embed

No media source currently available

0:00 0:01:42 0:00

Aksidan nan Gonayiv

2 moun mouri enviwon yon douzèn lòt blese grav 6 kamyonèt andomaje se bilan 2 aksidan machin ki fèt separeman nan Gonayiv lendi 21 ak madi 22 out 2017 la.

Premye aksidan an fèt sou wout Bienac Gonayiv kote yon kamyon baskil ki tap soti nan zòn Gatwo en direksyon sant vil Gonayiv la kraze 2 pasaje ki te apenn desann komyonèt sa a ki fè trajè sant vil Gonayiv/Pon Kenèp.

Youn nan moun ki mouri nan aksidan sa a se, Lovely Ceus, yon jenn fi 21 lane ki apenn tèmine etid klasik li swivan rezilta sesyon òdinè ekzamen bakaloreya inik Ministè Edikasyon Nasyonal fenk sot pibliye yo.

Jij de pè, Blodel Petit Frere, ki te fè konsta legal aksidan sa a te bay lòd pou leve Kadav yo.

Lòt aksidan an fèt maten madi 22 out la nan mache Opoto, ki se 4è seksyon kominal Gonayiv, lè yon kamyon ki tap soti nan nò ki te pedi fren, pase pran 5 komyonèt ki te kanpe nan mache a epi frape yon douzèn ti machann ki tap vann bò lari a sou wout nasyonal nimewo 1 an.

Anpil nan ti machann sa yo ki soti ak pye kase, bra kase, e senti bloke te transpòte en ijans nan lopital lapwovidans Gonayiv kote yap resevwa swen.

Sa fè omwen twazyèm aksidan ki pwodwi nan menm sikonstans la nan mache Poto a. Avan dènye aksidan an ki fèt nan zòn Opoto gen anviwon 5 mwa kote yon machin te kraze pou pipiti 34 moun ki tap danse rara.

Apre 2 aksidan sa yo ki rive youn apre lòt nan Gonayiv, otorite kominal yo tankou delege latibonit la Herby Dalencourt ak majistra Gonayiv la Neil Latortue anonse mezi yo pral pran pou deplase mache Opoto a ki nan lari a. Majistra a fè konnen yo deja genyen yon espas ki disponib pou sa.

Klike sou lyen video a ki anlè tèks la pou w gade yon repòtaj korespondan Exalus Mergenat sou 2 aksidan sa yo.

XS
SM
MD
LG