Accessibility links

Breaking News

Espay: Lapolis arete yon 4èm Sispèk nan Atak Vi Baselòn nan


Yon polis espanyòl ki sou plas kote atak la te fèt la nan Cambrils, Espay. Foto: 18 out 2017.
Yon polis espanyòl ki sou plas kote atak la te fèt la nan Cambrils, Espay. Foto: 18 out 2017.

Nan peyi Lespay, la polis nan reyon Katalòy fè konnen yo arete yon 4tryèm nèg nan kad 2 atak teworis nan Barselòn jedi 17 out la. Omwen 14 moun mouri e plis pase 100 lòt blese.

Lapolis anonse arestasyon sa sou kont Twitter li, men otorite yo pa bay okenn lòt detay sou kesyon an. Polisye nan Katalòy yo fè konnen yo kontinye ap chache frè yon nonm ki te deja anba kòd, men yo pa konnen si se limenm ki tap kondi kamyonèt ki te pote boure sou foul pyeton ki tap mache anba lavil Barselòn.

Frè nèg otorite espayòl ap chache a, anpalan Driss Oukabir, te jwenn arestasyon li yè menm jou atak la sou yon distans 100 kilomèt ak pati nò Barselòn, nan yon vil ki rele Ripoll.

XS
SM
MD
LG