Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ajanten an, Mauricio Macri Di yon Entèvansyon Militè Se Pa Pibon Fason pou Rezoud Kriz Venezuela a


Vis-prezidan ameriken an, Mike Pence, adwat, ak Prezidan ajanten an, Mauricio Macri, nan rezidans gouvènman an nan Buenos Aires, Ajentin, 15 out 2017.
Vis-prezidan ameriken an, Mike Pence, adwat, ak Prezidan ajanten an, Mauricio Macri, nan rezidans gouvènman an nan Buenos Aires, Ajentin, 15 out 2017.

Prezidan peyi Ajantin nan Mauricio Macri se dènye lidè nan Amerik Latin nan ki deklare ke entèvansyon militè Etazini se pa bon mwayen an pou fè demokrasi retounen nan Venezuela.

Mesye Macri ak Vis-prezidan Etazini an, Mike Pence, te rankontre ak repòtè apre yo te fin fè chita-koze madi 15 out 2017 la nan kapital la Ajantin nan Buenos Aires. Prezidan Macri deklare:

"Nou dwe rafine talan diplomatik ak ekonomik pou asire ke yon demokrasi retounen nan tan ki posib la"

Ajantin gen lakay li kounye a anviwon 60 mil refijye ki soti Venezuela, kote ekonomi an an gagòt, e kote pa gen anpil manje òdinè tankou pen, sik, ak luil kwizin.

Vis-prezidan Ameriken an Mike Pence twouvel aktyèlman nan peyi Chili nan kad vrie tounen 4 jou li a nan peyi Amerik Latin yo.

XS
SM
MD
LG