Accessibility links

Breaking News

Pandan Kanada Ap Resevwa Ayisyen Kap Chache Azil, Ensètitid Ap Kontinye


Yon fanmi ki di se ayisyen yo kap mache nan zòn fwontyè Etazini-Kanada pou yo finalman travèse Kanada soti nan Champlain, New York, Etazini 11 out 2017. REUTERS / Christinne Muschi.
Yon fanmi ki di se ayisyen yo kap mache nan zòn fwontyè Etazini-Kanada pou yo finalman travèse Kanada soti nan Champlain, New York, Etazini 11 out 2017. REUTERS / Christinne Muschi.

Gouvènman Kanada a bouche an pati yon abim sou fwontyè ak Etazini an, pou pèmèt pakèt pyeton kap antre nan yon pasaj ilegal sou fwontyè a travèse soti nan nò Eta Nouyòk pou rive nan pwovens Kebek san yo pa pran chòk. Gouvènman an tabli tant pou l pran non moun kap chache azil yo e l ap anplwaye moun pou transpòte sa yo kap vini yo e ba yo manje. Malgre jès akeyan sa yo, Ayisyen sa yo kap chache azil la pa dwe prese kwè tout afè-yo regle, dapre kèk ekspè imigrasyon.

Imigran ayisyen ki soti Etazini yo kap mande azil o Kanada nan moman yo te rive devan polisye kanadyen yo. 7 out 2017. Foto: REUTERS/Christinne Muschi.
Imigran ayisyen ki soti Etazini yo kap mande azil o Kanada nan moman yo te rive devan polisye kanadyen yo. 7 out 2017. Foto: REUTERS/Christinne Muschi.

"Moun pa dwe kwè ke Kanada ap aksepte moun kap janbe fwontyè a," se pawòl Jean-Ernest Pierre, yon avoka imigrasyon ayisyen nan Montreal. Li fè konnen kèk migran ayisyen te gen fo enfòmasyon ke yo te pran nan medya sosyal yo ki rekòmande Kanada kòm yon lòt chwa pou moun ki pa vle rete nan peyi Etazini, nan moman Etazini lage koukou-wouj dèyè imigran san papye.

E poutan anpil Ayisyen ka nan difikilte pou yo kalifye kòm refijye e pou mande azil politik, dapre sa avoka Pierre di LaVwadlamerik. Lwa Kanada sou imigrasyon ekzije pou moun kap mande azil ka bay "prèv byen fonde ke y ap kouri pou pèsekisyon" pa ekzanp pou rezon ras, relijyon oubyen politik oubyen pou pou oryantasyon seksyèl. Pwoblèm ekonomik pa sifi.

Jean Sebastien Boudreault, ki alatèt Asosyasyon Avoka Imigrasyon nan Kebek, bay plis detay sou pwen sa a.

Li di nan yon entèvyou sou CBC Radio-Canada: "Peyi a ka pa aksepte kèk nan yo kòm refijye, kèk nan yo ka pa reponn kondisyon pou yo prezante tèt yo kòm refijye, jan lwa Kanada defini refijye … Fòk ou gen rezon pèsonèl pou yo pa tounen w kote w soti a."

Vrèman vre, ane pase, Kanada te rekòmanse depòte moun Ayiti, apre li te fin fè yon kanpe sou sa, dapre ajans nouvèl Reuters ki site kèk chif ke gouvènman an ba li. An 2016, "50,5 pousan Ayisyen kap mande azil te reyisi jwenn li, konpare ak anviwon 62 pousan moun tout lòt nasyon ki te mande azil. ":

Y ap viv ak espwa

Luckson Mérilyen, ki gen 30 lane, ap espere ke Kanada ap aksepte l kòm refijye. Li menm ak madanm li Marie-Michelle Jean, ki gen 37 lane, e ki, sa pa gen lontan, te kite Nouyòk pou antre Montreal, e li gen dat 13 Septanm pou l fè tande demann azil li.

Mérilien di LaVwadlamerik : "M te tande Kanada ouvè paske mwen te pran tout nouvèl yo sou Facebook."

Koup la te pami moun ki t ap debat depi kèk mwa pou yo rive sou yon wout ki abouti nan yon enpas toupre bouk Champlain nan yon zòn riral nan nò eta Nouyòk. La, plizyè santèn moun pa jou ap soti nan taksi ak malèt e anpil fwa ak timoun, pou yo mache jiska prèske yon kilomèt pou yo rive sou fwontyè Kanada, toupre Saint-Bernard-de-Lacolle.

"Kounyea menm, nou wè anpil sitwayen ayisyen kap vini, ki travèse Wout Roxham," se pawòl Brad Brant, yon pòtpawòl Patwouy sou Fwontyè Etazini, ki te bay Lavwadlamerik yon entèvyou nan telefòn. Li di "Dimanchmla, 400 moun te travèse." 2 jou apre, "sete 300 e kèk."

Si vwayajè janbe fwontyè a ilegalman, otorite Kanada yo arete yo e fouye yo – e transpòte yo ale nan yon kan anba tant pou koumanse pran enfòmasyon yo.

Pakèt moun kap janbe fwontyè a ilegalman pou antre Kanada a, sa te koumanse fèt apre anons Depatman Sekirite Teritwa Etazini an nan mwa Me 2017 la ki ta pwolonje yon pwogram imanitè pou Ayisyen jiska mwa Janvye, pa plis, jan Pòtoprens te mande l. Administrasyon Obama a te ofri estati Pwoteksyon Tanporè Pwoteje (TPS) pou plis pase 50.000 Ayisyen ki te kouri kite Ayiti akoz yon kokenn goudou-goudou an 2010, e te pwolonje l plizyè fwa. TPS bay moun ki enskri ladann opòtinite pou yo jwenn pèmi travay.

Minis Afè Etranjè Ayiti a di Lavwadlamerik "negosyasyon kap fèt ant otorite ayisyen yo ak otorite ameriken" bay espwa pou TPS la pwolonje apre mwa Janvye 2018.

"Posiblite a la," se pawòl Minis Antonio Rodrigue nan yon entèvyou pa telefòn, jedi 10 Daout la apre li te sot vwayaje Kebek pou l rankontre ak Ayisyen yo e ak otorite nan gouvènman lokal la yo.

Semèn sa a, Lame Kanada a tap fin konstwi yon kan anba tant ak 500 kabann nan Saint-Bernard-de-Lacolle. Estad Olenpik Montreal la ap sèvi kòm lòjman tanporè pou moun kap vini yo, e gen lòt toujou kap vini. Jounen Vandredi 11 Daout la, anviwon 700 moun te sou fwontyè a ap tann otorite yo pran non yo, sa ki ka pran jiska 3 jou, dapre sit Entènèt jounal Le National ki ann Ayiti, ki site Ajans Sèvis Fwontyè Kanada.

Antre sit pwojè Shell LNG a nan Kanada ki nan Nòdwès Koloni Birtanik la. Foto 12 Aavril 2014.
Antre sit pwojè Shell LNG a nan Kanada ki nan Nòdwès Koloni Birtanik la. Foto 12 Aavril 2014.

‘Nan men Bondye’

2 mesye dam ayisyen yo, Mérilyen ak Jean, jwenn lòjman tanporè nan yon kay ki se pwopriyete yon imigran ayisyen.

Yo fè anpil wout depi plizyè lane: dabò yo ale Brezil an 2014. Mesye a te travay kòm foreman nan konstriksyon jiskaske te vin gen rate djòb. Sa te pran koup la 4 mwa pou yo te rive nan Kalifòni. Apre yo te fin pase 12 jou nan yon kan prizonye imigrasyon, yo te resevwa estati tanporè e te mete tèt pou Nouyòk.

Michelle Jean, ki resevwa fòmasyon sekretè, di LaVwadlamerik li pat gen pèmi travay e konsa li pat ka peye yon avoka pou ede yo tounen rezidan pèmanan. Li di "Mwen te gen plizyè randevou nan tribinal," e li kontinye pou l di ke li te resevwa yon papye ki make "depòtasyon."

Mérilyen fè konnen li te tande lòt Ayisyen ki di ke "lè yo rive nan tribinal, otorite imigrasyon mete men sou yo ak desizyon pou depòte yo. Mwen pa ta vle sa rive m."

Konsa yo jete yo. Lè yo mande madanm li si li ta dakò pou l tounen ozetazini oubyen ann Ayiti, li reponn, "M pa konnen. Mwen pa ka deside sa. Tou sa nan men Bondye."

‘Se pa yon krim’

Brant nan Patwouy Fwontyè Etazini an fè wè ke "se pa yon krim nan peyi Etazini pou yon moun antre ilegalman nan Kanada," konsa ajans li a pa chache bloke migran ki mete tèt nan direksyon nò. Men «li la pou bay sekirite sou fwontyè Etazini e anpeche moun antre nan peyi Etazini" san papye legal e andeyò pasaj legal yo sou fwontyè a.

300 ajan Patwouy Fwontyè nan sektè Swanton, responsab pou plis pase 400 kilomèt fwontyè, pou repete Brant, "konsa li difisil anpil pou nou jwenn ase moun pou fè travay la e chache moun ke nou ka repouse."

Brant fè konnen Patwouy Fwontyè a ozetazini ak tokay li pa lòt bò a nan Kanada, toujou pataje enfòmasyon, konsa len ede lòt bare moun kap vyole lwa sou fwontyè a. Men li ajoute ke ogmantasyon kantite migran yo ka twòp pou Kanadyen yo. "M pa konnen si sa ap bay pwoblèm pou sekirite nou paske yo vin pa ka kontinye pataje enfòmasyon ak nou nan tèt ansanm nan."

Nan Lavwadlamerik, Carol Guensburg, Jacquelin Bélizaire, Jean-Pierre Leroy ak Serge Rodriguez te kontribye nan repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG