Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Mande Kore di Nò Mete Dlo nan Diven l


Yon dam kap mache nan estasyon tren Sewoul la, nan KOre di Sid kote yon televizyon ap bay nouvèl sou menas ak pwovokasyon Kore di Nò ap fè pou l di li pral tire yon misil kap tonbe tou pre Gwam yo teritwa ameriken.
Yon dam kap mache nan estasyon tren Sewoul la, nan KOre di Sid kote yon televizyon ap bay nouvèl sou menas ak pwovokasyon Kore di Nò ap fè pou l di li pral tire yon misil kap tonbe tou pre Gwam yo teritwa ameriken.

Lidè ameriken an pale konsa aprè Kore di Nò te anonse li gen yon plan pou l lanse misil balistik ki pral tonbe tou prè tèritwa ameriken Gwam.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki repete fèm volonte li pou l tope kòn li ak Kore di Nò, deklare si gouvènman an nan Pyongyang pwovoke yon lagè ak Lèzetazini, “sa ki pral rive Nò-Koreyen yo se bagay yo pat janm panse ki te kapab rive.”

Nan dènye avètisman malouk Prezidan Trump lanse sou kesyon an, li di deklarasyon li te fè anvan pou l di li pral simen “dife ak laraj” sou rejim kominis Kore di Nò a poutèt lap devlope zam nikleyè a, se petèt yon deklarasyon ki pa dyanm ase.

Lè laprès mande Misye Trump kisa ki te kapab pi malouk toujou pase yon deklasyon konsa, li reponn:

“Ret tan pou n wè… Konsèy mwen ta bay otorite yo nan Kore di Nò, se poze, se poze nèt; se mete dlo nan diven yo… Sinon yo pral genyen pwoblèm yon peyi pa genyen souvan nan istwa lemond.”

Prezidan Trump pale konsa kèk èdtan sèlman aprè Kore di Nò te anonse lap mete dènye touch nan yon plan pou l lanse yon seri de misil balistik nan dlo lanmè ki tou prè tèritwa ameriken Gwam nan Oseyan Pasifik la.

XS
SM
MD
LG