Accessibility links

Breaking News

Afrik: O Kenya, Prezidan Uhruhu Kenyatta Swete Eleksyon yo Dewoule nan Lapè


Elektè yo ki kanpe an pou yal lage bilten vòt yo nan eleksyon kap dewoule o Kenya. Gatundu, vil Kiambu, Kenya, 8 out 2017.
Elektè yo ki kanpe an pou yal lage bilten vòt yo nan eleksyon kap dewoule o Kenya. Gatundu, vil Kiambu, Kenya, 8 out 2017.

Nan Kenya, elektè yo ap vote madi 8 out 2017 la nan eleksyon prezidansyèl peyi yo, apre sezon kanpay tibilan ki tap dewoule nan nasyon afrik de lès la, e ki reprezante yon ekonomi vital sou kontinan an.

Yon dam ki gen yon timoun sou do li pandan li ap lage bilten vòt li nan Gatundu vil Kiambu, Kenya 8 out 2017.
Yon dam ki gen yon timoun sou do li pandan li ap lage bilten vòt li nan Gatundu vil Kiambu, Kenya 8 out 2017.

ki sere anpil anpil. Youn nan elektè yo, Mildred Malibi, ki gen 31 nan, fè konnen li te rete tann 3 zèdtan edmi anvan li te kapab vote nan bidonvil Kangemi a nan Nairobi, kapital peyi Kenya a.

Vòt ane sa a, se dezyèm eleksyon youn apre lòt ant prezidan sòtan an, Uhruhu Kenyatta, ak rival li depi lontanli an, an palan de, Raila Odinga, ki gen 72 zan sou tèt li e ki poze kandidati li pou pòs prezidan an pou yon 4èm fwa.

XS
SM
MD
LG