Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Pase nan Rizib Sondaj ki Fè Kwè Popilarite li Ap Diminye


 Prezidan ameriken an Donald Trump
Prezidan ameriken an Donald Trump

Prezidan Ameriken an Donald Trump Pase nan Rizib Sondaj ki Fè Kwè Popilarite li Diminye

Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè konnen lendi 7 out 2017 la baz politik li pami repibliken yo pi solid e pi plis lontan, malgre kèk sondaj montre komkwa pousantaj la ap degrengole.

Lidè ameriken an pibliye tout yon seri deklarasyon sou kont Twitter li pandan li an vakans nan koloni gòf vil Bedminster a nan eta New Jersey, kote li pase sondaj yo nan rizib kote li di: “ Sondaj la baze sou enfòmasyon nan fo mamit.”

Prezidan an kontinye pou l di meeting popilè li òganize nan eta li te ranpòte nan eleksyon novanm 2016 la montre apui li jwenn ap pran jarèt. Divès faktè ki koze yon rapwochman ant manm kowalisyon Trump la, se pa yon bagay ki pral chanje.

Sondaj ki pi resan yo montre Prezidan Trump resevwa sipò nan men selman yon tyè nan elektè yo pandan premye 6 mwa li deja pase nan Lamezon Blanch la.

XS
SM
MD
LG