Misye Trump di li siyen lwa a”malgre li koupe sou otorite prezidan an, li pa nan avantaj konpayi amerikèn yo epi li nui enterè alye ewopeyen nou yo.”
Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen lwa sou sanksyon kongrè a enpoze sou Larisi a, menm si li di se yon lwa ki chaje ak twou vid e ki plen dispozisyon enkonstitisyonèl.
Sanksyon sa yo, ki vize tou Iran ak Kore di Nò, sible sitou Larisi poutèt peyi sa a te chache enfliyanse rezilta eleksyon prezidansyèl ki te dewoule Ozetazini nan mwa novanm 2016 la. An menm tan tou lwa a limite pouvwa prezidan ameriken an genyen pou leve pinisyon Kongrè an pran kont gouvènman prezidan ris la, Vladimir Putin.
Pandan Prezidan Trump tap poze siyati li anba dokiman an, li di:
“Pa le fèt ke lwa a limite fleksibilite pouvwa egzekitif la, lap rann Ii pi difisil pou Lèzetazini siyen bon jan akò ki nan avantaj pèp ameriken an, e sa pral lakoz Larisi, Lachin ak Kore di Nò genyen pi bon relasyon antre yo.”
Prezidan Trump ajoute :
“Malgre tout pwoblèm ki makonnen ak lwa sa a, mwen siyen li kanmèm paske map chache inite nasyonal. Depi jou yo te entwodui pwopozisyon-lwa a nan kongrè a, mwen te fè palmantè nou yo konnen se yon lwa ki koupe sou prewogativ pouvwa egzekitif la, menm jan li pa nan avantaj konpayi amerikèn yo, epi li nui enterè alye ewopeyen nou yo.”
Lidè ameriken an pale konsa nan moman li tap siyen lwa a nan La Mezon Blanch mèkredi 2 out 2017 la.