Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Ameriken an, Mike Pence, di Sanksyon Kont Larisi yo Pral Antre ann Aplikasyon


Vis Prezidan Ameriken an Mike Pence
Vis Prezidan Ameriken an Mike Pence

Misye Pence di Moskou dwe “sispann poze aksyon ki merite sanksyon anvan pou Lèzetazini leve sanksyon yo epi amelyore rapò ant 2 peyi yo."

Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, di aksyon diplomatik Larisi pran pou kom yon repons kif-kif kont sanksyon tou nèf kongrè ameriken-an enpoze sou Moskou yo, pa pral diminye angajman Lèzetazuni pran pou li defann pwòp sekirite pa l ak sekirite alye li yo. Pandan mesye Pence te pran lapawòl nan republi Jòji jodi madi-a, li di pwopozisyon-lwa sou sanksyon kipase n an Kongrè a e ke prezidan Donald Trump pral siyen anvan lontan yo, voye yon mesaj klè pou di Larusi dwe chanje konpotman li nan Ikrèn e mete fen nan apui lap bay peyi Iran ak Siri. Vis Prezidan Pence deklare:

“Pou gen chanjman nan relasyon nou avèk Larisi, Larisi dwe chanje konpòtman li. Avèk sanksyon sa yo, avèk prezans mwen isit la, avèk afimasyon dyanm volonte prezidan Trump pou l aplike prensip yo e kore alyans nou genyen nan loksidantal, nou espere nou pral amelyore relasyon yo, menm jan nou va genyen yon mond ki pi pasifik nan lavni.”

Vis Prezidan Pence ajoute:

"Prezidan Trump ak kongrè ameriken an mete ansanm pou yo voye yon mesaj bay Larisi. Se yon mesaj ki di Moskou pral oblije kòmanse pa sispann poze aksyon ki merite sanksyon anvan pou Lèzetazini leve sanksyon yo epi amelyore relasyon ant 2 peyi yo."

Se yon gwo majorite nan kongrè ameriken an ki te vote pou apwouve sanksyon Lèzetazini ap pran pou l pini Larisi poutèt li te chache enfliyanse rezilta eleksyon prezidansyèl mwa novanm ane 2016 la Ozetazini pou ede Misye Trump ranpòte laviktwa. Se konsa tou depite ak senatè ameriken yo vote pou yo pran sanksyon kont peyi Iran ak Kore di Nò. Kòm repons, Moskou bay Lèzetazini premye septanm 2017 la kòm delè pou l elimine plis pase 755 sou anviwon mil 200 pòs diplomatik ak konsilè li yo nan Larisi.

XS
SM
MD
LG