Accessibility links

Breaking News

Deba pou Detèmine Avni Swen Sante a Ozetazini Ap Dewoule nan Sena a


Rankont ant Senatè yo nan Kongrè a, Capital Hill, Washington, 8 jen 2016. (Foto: AP/ Evan Vucci)
Rankont ant Senatè yo nan Kongrè a, Capital Hill, Washington, 8 jen 2016. (Foto: AP/ Evan Vucci)

Sena Lèzetazini an gen pou l vote madi 25 jiyè 2017 la pou ouvè deba sou inisyativ pi resan li pran pou fè yon bon jan pase men nan sistèm swen sante peyi a, asavwa lwa ansyen Prezidan Demokrat Barack Obama te pase a.

Lidè majorite a nan Sena a, Repibliken Mitch McConnell
Lidè majorite a nan Sena a, Repibliken Mitch McConnell

Lidè majorite Repibliken nan Sena a, Mitch McConnell, ap dirije demach pou elimine Obamacare la. Nan mwa ki sot pase a, li te oblije fè bak sou kesyon an paske li pat parèt avek ase vwa pou l pase 2 vèsyon diferan nan sistèm swen sante a. Prezidan Donald Trump te pran lapawòl lendi 24 jiyè a nan Lamezon Blanch, kote li lage responsablite a sou do Repibliken parèy li yo. Li repwoche tou palmantè nan kan Demokrat la deske yo anpeche pwogram li genyen nan sans sa a pase. Prezidan Trump deklare:

“Sena a twouve l prè anpil pou l jwenn vwa ki nesesè pou l pase lwa a pou ranplase Obamacare la. Pwoblèm nan, sè ke nou pa jwenn asistans bò kote Demokrat yo, paske yap bare chemen an. Se sa selman yap fè. Yo fò nan fè blokaj.”

Yon gwoup moun kap manifeste kont plan Swen Sante adminstrasyon Trump la Capitol Hill nan Washington,, 17 jiyè 2017.
Yon gwoup moun kap manifeste kont plan Swen Sante adminstrasyon Trump la Capitol Hill nan Washington,, 17 jiyè 2017.

Malgre Repibliken yo genyen yon majorite 52 vwa pou yo e 48 pou Demokrat yo nan Sena a, Prezidan Trump admèt ke lwa sou swen sante a difisil pou pase, apre plizyè Repibliken fin pran pozisyon piblikman kont pwopozisyon lwa a.

Senatè Repibliken John McCain.
Senatè Repibliken John McCain.

Senatè Repibliken John McCain ki te an konje maladi te anonse lap retounen Washington kèk jou apre espesyalis lasante yo te jwenn li gen yon kansè nan sèvo. Senatè a manifeste angouman pou l vin patisipe nan vòt Senatè yo pou detèmine avni sistèm swen sante a Ozetazini.

XS
SM
MD
LG