Accessibility links

Breaking News

Amnesty International di Prizonye Politik Venezuelyen Leopoldo Lopez Twouve l nan yon Eta Grav


Pòtrè Leopoldo Lopez. Bò kote patrè a moun ka wè foto madanm li, Lilian Tintori.
Pòtrè Leopoldo Lopez. Bò kote patrè a moun ka wè foto madanm li, Lilian Tintori.

Yon gwoup defans dwamoun ak madanm youn nan lidè opozisyon an nan Venezuela, Leopoldo Lopez, mande otorite yo mennen ankèt sou nouvèl ki fè konnen Misye Lopez ap sibi zak kraze-zo nan yon prizon militè. Non madanm nan se Lilian Tintori.

Samdi 24 jen 2017 la Amnesty International te pibliye yon deklarasyon kote li lanse yon apèl ijan bay otorite yo pou l mande yo sispann “tout aksyon ki ta mete an danje entegrite fizik ak sikolojik Leopoldo Lopez."

Deklarasyon gwoup dwamoun nan ensiste sou sa Amnesty International konsidere kòm "karaktè grav afè Misye Lopez la". Daprè gwoup defans dwamoun nan, lidè opozisyon an ta va ap viv nan izòlman total depi 3 semèn epi otorite yo derefize kite manm fanmi li rann li vizit.

Lilian Tintori, Madanm Leopoldo Lopez, ak drapo venezuelyen an nan men li nan mitan yon manifestasyon.
Lilian Tintori, Madanm Leopoldo Lopez, ak drapo venezuelyen an nan men li nan mitan yon manifestasyon.

Misye Lopez -ki se ansyen majistra komin Chacao, tou prè Karakas-- se lidè Pati Volonte Popilè a. Lap sibi yon santans 13 zan prizon nan penitansye militè Ramo Verde sou akizasyon deske li te swadizan ankouraje pèp souvren fè vyolans pandan yon manifestasyon anti-gouvènmantal ki te dewoule nan lane 2014 e ki te koze lanmò 43 moun.

Oganizasyon Nasyon Zini, divès òganizasyon defans dwamoun ak lidè mondyal –pami yo gen prezidan ameriken an, Donald Trump-- di yo konsidere Misye Lopez kòm yon prizonye politik e yo lanse apèl pou yo mande liberasyon li.

XS
SM
MD
LG