Accessibility links

Breaking News

Yon Misyon Konsèy Sekirite l’ONU an Pral Vizite Ayiti ant 22 ak 24 Jen 2017 la


Logo Nasyon Zini
Logo Nasyon Zini

Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an anonse lap voye yon misyon nan peyi d Ayiti.

1.- Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an dakò pou l voye yon misyon ann Ayiti sòti jedi 22 jen 2017 la pou rive samdi 24 jen 2017 la, nan kad egzekisyon Resolisyon 2 mil 350 Konsèy la te adopte pi bonè nan ane a (2017).

2.- Objektif misyon sa a, kap genyen 15 manm, se:

a.- Reyafime apui Konsèy Sekirite a pou gouvènman ak pèp d Ayiti a yon fason pou ranfòse peyi a ak enstitisyon li yo, epi pote kontribisyon l'ONU nan stabilite ak devlopman peyi a;

b.- Fè yon revizyon miz-an-aplikasyon Rezolisyon 2 mil 350 la avèk yon atansyon espesyal sou fen Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) epi yon tranzisyon an dousè ant MINUSTAH ak Misyon Nasyon Zini pou Apui Jistis ann Ayiti (MINUJUSTH), san bliye yon rediksyon nan lòd e pwogresif nan efektif branch militè misyon an;

c.- Idantifye sou teren an kondisyon ki nesesè pou yon miz-an-aplikasyon reyisi manda MINUJUSTH la.

Yon sesyon Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an (l'ONU) nan katye jeneral li nan New York.
Yon sesyon Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini an (l'ONU) nan katye jeneral li nan New York.

3.- Lè misyon an retounen New York, li gen pou bay Konsèy la yon rapò oral sou fèmti MINUSTAH ak tranzisyon ki pral mete MINUJUSTH nan plas li.

4.- Pou misyon an reyalize objektif sa yo, li pral chache rankontre ak aktè konsène yo, ki se:

* Prezidan Ayisyen an,

* Premye Minis la,

* Manm gouvènman an,

* Manmn Konsèy Siperyè Lapolis la,

* Manm Konsèy Siperyè Lajistis la,

* Manm Palman an,

* Ekip Nasyon Zini ki ann Ayiti a,

* Prensipal otorite yo nan MINUSTAH yo,

* Twoup ki reprezante divès peyi nan MINUSTAH,

* Manm sosyete sivil la,

* Dirijan sektè prive a,

* Dirijan sektè komès ak endistri a,

* Diplomat ki nan Core Group la…

Men konpozisyon misyon an:

Anbasadè Sacha Sergio Llorentity, Bolivi (chèf misyon);

Anbasadè Wu Haitao, Lachin;

Misye Ihab Moustafa Awad Moustafa, Lejip;

Anbasadè Mahlet Hailu Guadey, Etyopi;

Madam Ann Gueguen, Lafrans;

Anbasadè Inigo Lambertini, Itali;

Anbasadè Yasuhisa Kawamura, Japon;

Anbasadè Kairat Umariv, Kazakstan;

Misye Evgeny T. Zagaynov, Federasyon Ris;

Anbasadè Gorgui Ciss, Senegal;

Misye Joakim Vaverka, Laswèd;

Anbasadè Volodymyr Yelchenko, Ikrèn;

Anbasadè Stephen Hickey, Wayòm Ini Grann Bretay ak Iland di Nò;

Mis. Amy Noel Tachco, Etazini Damerik;

Misye José Luis Rivas, Irigwe.

L’ONU ap voye misyon sa a ann Ayiti sou rekòmandasyon Prezidan Konsèy Sekirite a, Sacha Sergio Llorrenty (Bolivi), ki te adrese Sekretè Jeneral la, Antònio Gutteres, yon lèt nan sans sa a nan dat 15 jen 2017 la.

XS
SM
MD
LG