Accessibility links

Breaking News

Kiba Reponn Diskou Prezidan Donald Trump sou Nouvo Politik Lèzetazini Vizavi Peyi Karayib la


Minis afè etranjè kiben an, Bruno Rodriguez, ki tap pale ak laprès nan vil Vyèn, peyi Lotrich, lendi 19 jen 2017 la.
Minis afè etranjè kiben an, Bruno Rodriguez, ki tap pale ak laprès nan vil Vyèn, peyi Lotrich, lendi 19 jen 2017 la.

Minis afè etranjè Kiba a, Bruno Rodriguez --ki tap reyaji sou yon diskou prezidan ameriken an, Donald Trump te fè sa pa gen lontan sou Kiba-- deklare li konsidere diskou sa a kòm "yon espektak gwotèsk"; paske, daprè li, sèl sa yon diskou konsa ka fè, se ranfòse revolisyon kubèn nan.

Misye Rodriguez kontinye pou l kritike administrasyon Trump la poutèt li pran desizyon pou l defèt yon bon pati nan politik ansyen Prezidan Barack Obama te inisye pou l rapwoche Lèzetazini avèk Kiba. Chèf diplomasi kibèn nan -ki tap pale ak laprès nan jounen lendi 19 jen 2017 la pandan li tap vizite vil Vyèn, nan peyi Lotrich-- ajoute:

“Kiba pa pral fè okenn konsesyon sou souverènte li ni endepandans li. Kiba pa pral negosye sou prensip li e li pap asepte, non plis tou, okenn kondisyon ki enpoze devans.”

Deklarasyon minis afè etranjè kiben an se yon reyaksyon sou yon diskou Prezidan Donald Trump te pwononse vandredi pase a nan Miami, Eta Florid, kote yon bann sitwayen kiben ann egzil abite. Misye Trump, ki te genyen bò kote li youn nan senatè eta sa a, Marco Rubio –yon pitit imigran kiben- te pran angajman piblikman pou li anile “akò ansyen administrasyon an te siyen ak Kiba a, paske se yon akò ki nan avantaj Kiba sèlman.”

Nan diskou sa a, Prezidan Trump mande pou Kiba voye Ozetazini refijye kap kouri pou lajistis amerikèn. Kòm repons, Minis Bruno Rodiguez di La Avàn pap bay Washington satisfaksyon:

“Kiba ofri azil politik ak refij pou konbatan ameriken ki tap defann dwamoun. Nou pap voye moun sa yo tounen Ozetazini.”

Chèf diplomasi kibèn nan pase yon bon tan ap kritike sa li konsidere kòm abi dwamoun Lèzetazini ta swadizan komèt. Jounal kiben La Prensa site Misye Rodriguez ki deklare:

“Ozetazini se san gade dèyè lapolis ap komèt yon bann ak yon pakèt asasisa, britalite ak abi, sitou kont sitwayen nwa-ameriken yo. “

Prezidan Donald Trump pandan li te fin anonse chanjman nan politik Lèzetazini vizavi Kiba ( Miami, Florid, vandredi 16 jen 2017).
Prezidan Donald Trump pandan li te fin anonse chanjman nan politik Lèzetazini vizavi Kiba ( Miami, Florid, vandredi 16 jen 2017).

Pami chanjman Prezidan Trump anonse nan politik Lèzetazini vizavi Kiba a, genyen antwòt entèdiksyon pou mond komès ak endistri ameriken an fè biznis ak konpayi ki gen rapò ak aparèy militè kiben an (GAESA) epi Washington ap poze kondisyon ki pi difisil pou yon sitwayen ameriken satisfè si li vle ale vizite Kiba.

XS
SM
MD
LG