Manm demokrat kongrè ameriken an lanse yon aksyon an jistis nan tribinal federal kont Prezidan Donald Trump. Palmantè yo akize prezidan an deske li aksepte lajan etranje atravè plizyè biznis li genyen e sa vyole konstitisyon Lèzetazini an.
Plis pase 190 depite ak senatè demokrat deside asiyen prezidan an sou akizasyon deske li vyole yon dispozisyon konstitisyonèl moun pa konnen twò byen e ki entèdi tout moun ki okipe yon pòs nan gouvènman federal la aksepte lajan oubyen kado nan men yon peyi etranje san pèmisyon Kongrè a.
Se dezyèm aksyon an jistis Prezidan Trump ap konfwonte depi li te monte sou pouvwa a nan dat 20 janvye 2017 la. Pousuit ki pi resan nan 2 yo se sila Minis Jistis Eta Maryland la, Brian Frosh, ak Minis Jistis Washington D.C. a, Karl Racine, lanse kont Misye Trump poutèt li “itilize pòs prezidan an pou l anrichi tèt li, espesyalman atravè otèl li posede nan kapital Lèzetazuni an...” sa ki, daprè 2 minis jistis yo, vyole lalwa an menm tan ke sa minen enterè òmdafè nan Maryland ak Washington, D.C.
Aprè Donald Trump te monte sou pouvwa a nan mwa janvye 2017 la, li te pase jesyon biznis li yo bay 2 pi gran pitit-gason li yo, Eric ak Donald. Sepandan kèk sous fè konnen li kontinye resevwa benefis sou kèk nan pwopriyete li yo, tankou yon otèl li genyen nan Washington D.C.