Accessibility links

Breaking News

Minis Sekirite Enteryè Lèzetazini an, John Kelly, abòde Dosye TPS la avèk Prezidan Jovenel Moise.


Minis John Kelly (agoch) ak Prezidan Jovenel Moise (Foto: Pètoprens, 31 me 2017).
Minis John Kelly (agoch) ak Prezidan Jovenel Moise (Foto: Pètoprens, 31 me 2017).

Minis Sekirite Enteryè Lèzetazini an, John Kelly, ki te vizite Ayiti mèkredi 31 me 2017 la, te rankontre nan palè nasyonal la avèk Prezidan Jovenel Moïse. Vizit Mesye Kelly a rive yon semèn apre Depatman Sekirite Enteryè Lèzetrazini an te pran desizyon pou li pwolonje Stati Pwoteksyon Tanporè a (TPS) pou imigran ayisyen ki te deja genyen stati sa a. Pwolongasyon sa a ap antre an aplikasyon nan dat 23 jiyè 2017 la e lap valab pou jous 22 janvye 2018

Nan yon entèvyou Minis Kelly bay jounalis ayisyen Rotchild Francois Jr, li anonse Lèzetazini pral anile anvan lontan pwogram TPS la pou tout peyi ki benefisye l yo.

Minis Sekirite Enteryè ameriken an, John Kelly (a goch), poze ak Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise panan yon konferans pou laprès nan palè nasyonal la nan Pòtoprens mèkredi 31 me 2017 la.
Minis Sekirite Enteryè ameriken an, John Kelly (a goch), poze ak Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise panan yon konferans pou laprès nan palè nasyonal la nan Pòtoprens mèkredi 31 me 2017 la.

Minis Kelly, ki di li envite Prezidan Moise patisipe nan yon konferans sou devlopman ekonomik ki pral dewoulenan Miami nan mitan mwad jwen an, fè konnen li pral gen pou evalye sitiyasyon an ann Ayiti nan mwad novanm nan avan li pran li pran desizyon definitif sou dosye TPS la.

Ekstrè entèvyou Minis John Kelly bay jounalis Rothchild Fançois Jr.
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:54 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w swiv yon ekstrè repons Misye Kelly bay jounalis Rotchild François Jr. pandan yon entèprèt tap tradui pou li.

XS
SM
MD
LG