Accessibility links

Breaking News

Lachin Pral Achte Vyann Bèf ak Gaz nan Men Etazini nan Kan yon Akò Komèsyal Ant 2 Peyi yo


Prezidan Ameriken an, Donald Trump, ak Prezidan Chinwa a, Xi Jinping, kap mache kot-a-kot apre chita-pale yo nan Mar-a-Lago, 7 avril, 2017, nan Palm Beach, Florid.
Prezidan Ameriken an, Donald Trump, ak Prezidan Chinwa a, Xi Jinping, kap mache kot-a-kot apre chita-pale yo nan Mar-a-Lago, 7 avril, 2017, nan Palm Beach, Florid.

Yon akò komèsyal ki kouvri anpil aktivite, soti nan tranzaksyon labank pou rive nan vyann bèf, rive fèt ant Washington ak Peken, dapre sa Depatman Komès Etazini an ki te fè anons lan nan dat 11 me 2017 la.

“Sete yon kokenn travay ki abouti la a,” pou repete Sekretè Komès Etazini an, Wilburg Ross ki kontinye pou l di, « Se plis pase tou sak te janm fèt déjà nan tout istwa relasyon Etazini ak Lachin.”

Akonplisman sa a se rezilta yon antant Prezidan Etazini Donald Trump ak Prezidan chinwa Xi Jinping lè yo te rankontre nan klib vakans Mesye Trump la, nan Mar-a-Lago, vil Palm Beach nan eta Florid, 6 Avril pase a.

Mesye Trump “te resevwa enfòmasyon preske chak jou” pandan negosyasyon yo t ap pwogrese depi jou sa a, dapre Mesye Ross.

XS
SM
MD
LG