Accessibility links

Breaking News

Etazini : Chanjman – Yon Dekrè Prezidansyèl Pèmèt Legliz Mele nan Politik


Prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè ki vin adousi aplikasyon yon règleman ki te anpeche legliz yo --ki pa peye taks nan peyi a-- mele nan zafè politik.

Lidè ameriken an siyen dekrè a nan jounen jedi 4 me 2017 la nan okazyon Jounen Nasyonal Lapriyè a. Dokiman an bay biwo federal ki la pou ranmase kontribisyon nan men anplwaye ak patwon yo (Biwo Revni Entèn nan, abreje anglè IRS), "tout dwa ki nesesè" pou l entèprete règleman ki afekte aktivite politik lidè relijye yo, men an reyalite se yon règleman biwo a mete an aplikasyon raman.

Se konsa tou, dekrè prezidansyèl la adousi pinisyon ki tap peze sou do gwoup relijye konsèvatè ki pat dakò ak yon pati nan refòm ansyen Prezidan Barack Obama te pote nan sistèm swen sante a e ki egzije gwoup sa yo peye pou asirans sante anplwaye ki vle fè dilatasyon (avòtman) oubyen gwoup ki kont lòt lwa federal ki pa an akò ak prensip relijye yo pratike.

Pastè Joshua Nink (adwat) ki tap priye pou kandida Pati Repibliken an, Donald Trump, aprè yon sèvis relijye nan First Christian Church (Premyè Egliz Kretyèn), nan Council Bluffs, Eta Iowa, nan kòmansman kanpay elektoral la. (Foto Achiv.- Dat: Dimanch 31 Janvye 2016).
Pastè Joshua Nink (adwat) ki tap priye pou kandida Pati Repibliken an, Donald Trump, aprè yon sèvis relijye nan First Christian Church (Premyè Egliz Kretyèn), nan Council Bluffs, Eta Iowa, nan kòmansman kanpay elektoral la. (Foto Achiv.- Dat: Dimanch 31 Janvye 2016).

Prezidan Trump siyen sa ki rele “Dekrè sou Libète Relijye yo” nan La Mezon Blanch kote li tap resevwa divès lidè relijye ak fidèl konsèvatè nan okazyon Jounen Nasyonal Priyè a. Sondaj ki te fèt pandan dènye semèn kanpay elektoral la an 2016, te montre sou chak gwoup 6 kretyen konsèvatè, 5 te apiye Donald Trump, kandida repibliken an, kont Hillary Clinton, rival demorkat li a. Misye Trump te pwomèt segman sa a nan sosyete a, si se li ki ranpòte eleksyon an, li tap fè tout sa k posib pou l ede yo rezoud pwoblèm yo genyen avèk divès politik piblik gouvènman federal la.

XS
SM
MD
LG