Accessibility links

Breaking News

Venezuela Anonse Lap Kite Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA)

 Minis Afè Etranjè venezyelyen an, Delcy Rodriguez, ki tap pale ak laprès nan Palè Miraflores (palè nasyonal la) nan Caracas, Venezuela, mèkredi 26 april 2017 la.
Minis Afè Etranjè venezyelyen an, Delcy Rodriguez, ki tap pale ak laprès nan Palè Miraflores (palè nasyonal la) nan Caracas, Venezuela, mèkredi 26 april 2017 la.

Venezuela anonse byen ta nan jounen mèkredi 26 avril 2017 la, li pral kite Oganizasyon Eta ameriken yo (OEA) apre òganizsyon rejyonal la te vote pou fè yon sesyon espesyal sou kriz politik peyi sid-ameriken an ap travèse a. Minis Afè Etranjè venezyelyen an, Delcy Rodriguez, deklare Venezuela pral prezante yon lèt de plent pou l lansee pwosesis retrè a kap dire 2 zan. Madan Rodriguez di:

“Retrè nou nan òganizasyon sa a se pa yon bagay sikonstansyèl; sa gen rapò ak diyite pèp nou an; sa gen rapò ak doktrin bolivaryen nou an ki ankouraje nou adopte yon politik ki pa pèmèt nou foure bouch nou nan zafè lòt peyi, ni l pa pèmèt lòt peyi antre nan zafè pa nou.”

Chèf diplomasi venezyelyèn nan ajoute:

"Venezuela pa pral patisipe nan okenn lòt aktivite nan lavni si sa gwoup Eta sa yo ap chache, se tou senpleman twouble estabilite ak lapè nou peyi nou an; si sa yap chache se antre nan zafè prive nou epi fè entèvansyon nan peyi a."

Lidè opozisyon an nan Venezuela, Henrique Capriles, ki tap pale ak laprès aprè yon rankont ak Sekretè Jeneral l'OEA a, Luis Almagro, nan katye-jeneral òganizasyon nan Washington DC. (Dat foto a: 31 mas 2017).

Nan kòmansman mwa avril la, Oganizasyon Eta Ameriken yo te adopte yon rezolisyon ki te mande pou gouvènman Prezidan Nicolàs Maduro a respekte separasyon pouvwa yo epi retabli konplètman lòd demokratik la nan peyi a.

Anvan vòt rezolisyon an, Venezuela te lanse avètisman bay l'OEA pou di “yon rezolisyon pou fè yon sesyon espesyal sou nou tap sele desizyon nou pou nou kite òganizasyon an.”

XS
SM
MD
LG