Accessibility links

Breaking News

Etazini – Ekonomi : Gouvènman Trump la Anvizaje Gwo Refòm nan Sistèm Taks la

Minis Trezo ameriken an, Steven Mnuchin (nan mitan), ki te gen avèk li Direktè Biwo Nasyonal pou Zafè Ekonomik yo, Gary Cohn (mitan) e pòtpawòl Mezon Blanch la, Sean Spicer, tap pale de refòm sistèm taks la nan sal konferans de près Mezon Blanch la nan Washington, mèkredi 26 avril 2017.

Ozetazini, apre Prezidan Donald Trump te sibi yon gwo defèt nan efò li tap fè pou l elimine Obamacare la (swa refòm ansyen Prezidan Barack Obama te pote nan sistèm swen sante ameriken an), lap eseye reyalize kounye a yon lòt pwomès li te fè pandan kanpay elektoral la: se fè refòm nan sistèm taks federal la.

Ameriken yo konsidere sistèm enpo peyi yo a kòm yon sistèm ki konplike anpil, ki reprezante yon fado otorite yo mete sou do yo san nesesite epi, daprè yo, li anpeche ekonomi amerikèn nan avanse kòmsadwa. Administrasyon Trump la pibliye, nan jounen mèkredi 26 avril 2017 la, yon plan ki anonse yon pase-men an pwofondè nan sistèm nan.

Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan Depatman Enteryè a nan Washington, mèkredi 26 avril 2017 la, pou l te bay detay sou rezondèt yon refòm nan sistèm taks Lèzetazini an.
Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan Depatman Enteryè a nan Washington, mèkredi 26 avril 2017 la, pou l te bay detay sou rezondèt yon refòm nan sistèm taks Lèzetazini an.

Prensipal reprezantan Prezidan Trump nan efò sa a se Minis Trezò a, Steve Manuchin. Gran Ajantye ameriken an di:

“Priyorite Prezidan Trump se fè rediksyon nan gwo taks klas mwayèn nan ap peye; se eseye senplifye sistèm nan yon fason pou ameriken mwayen yo kapab prepare deklarasyon enpo yo sou yon kat postal ki pi gwo ke nòmal. Nou bezwen fè refòm nan sistèm taks la pou nou pèmèt antrepriz amerikèn yo fè konkirans pi byen.”

Palmantè repibliken nan Kongrè a di chanjman gouvènman Trump la pwopoze yo pa ta dwe debouche sou yon ogmantasyon defisi federal la. Daprè listwa, rediksyon taks Pati Repibliken an pwopoze se rediksyon ki toujou nan avantaj moun rich yo, epi yo toujou gen move konsekans sou finans peyi a. Antouka, se opinyon lidè demokrat yo, tankou Depite Joseph Kennedy. Misye Kennedy fè konnen: “Si Prezidan Trump vle pote yon gwo rediksyon nan sistèm enpo a pou li fè moun rich yo vin pi rich toujou; si chaj la pral tonbe sou do moun kap travay yo, sou do klas mwayèn nan, repons mwen se N-O-N : NON!!!”

Sa gen plis pase 30 tan depi yon refòm an pwofondè te fèt nan sistèm taks ameriken an. Li te antre an vigè nan yon epòk kote pat gen tout divizyon politik malouk ki egziste jounen jodi a ant Pati Repibliken an ak Pati Demokrat la.

XS
SM
MD
LG