Accessibility links

Breaking News

Bonm ki Pi Puisan Men ki Pa NIkleyè Etazini Lage ann Afganistan an Touye 36 MIlitan Gwoup Eta Islamik la


Foto bonm ki pi puisan men ki pa nikleyè nan asnal lame amerikèn lan.
Foto bonm ki pi puisan men ki pa nikleyè nan asnal lame amerikèn lan.

Nouvèl yo fè konnen 36 militan teworis pèdi lavi yo apre lame Peyi Etazini te lanse yon bonm sou yon enstalasyon gwoup Eta Islamik la ann Afganistan.

Bonm sa a ki pi puisan nan asnal lame amerikèn an pa yon zam nikleyè, Yo rele li " Massive Ordnance Air Blast (MOAB) oubyen "Mother of all Bombs" ki vle di Manman Tout Bonm.

Dapre yon sous afgan, "Mother of all Bombs" nan MOAB) oubyen "Manman Tout Bonm" touye 36 militan teworis e li detwi yon pakèt depo zam. Ministè Defans Afganistan an di pa gen sivil ki viktim.

Prezidan ameriken an Donald Trump deklare " Mwen fyè de lame nou an e se yon lòt siksè ankò li ranpòte." Pòtpawòl Mezon Blanch la Sean Spicer di jounalis yo nan Washington, "Nou gen obligasyon pou nou anpeche militan islamik yo jwenn espas pou yo mennen operasyon."

XS
SM
MD
LG