Accessibility links

Breaking News

Etazini-Meksik: Rankont 2 Manm Kabinè Trump la avèk Prezidan Meksiken an, Enrique Peña Nieto

Sekretè Deta Rex Tillerson (2èm depi lagoch) ap bay lanmen ak Minis Afè Etranjè Meksik la, Luis Videgaray, pandan Minis Sekirite Teritoryal ameriken an, John Kelly (ekstrèm agoch) ak Prezidan Enrique Peña Nieto (ekstrèm dwat) ap gade.

Sekretè Deta ameriken an, Rex Tillerson, deklare Lèzetazini ak Meksik “se 2 peyi fò ki detanzantan kapab genyen ti pwoblèm; men chita-tande mwen te genyen jodi a avèk otorite yo nan vil Meksiko, se rankont ki te pwodiktif e ki te santre sou avni relasyon ant 2 peyi nou yo.”

Chèf diplomasi Lèzetazini an pale konsa nan yon konferans pou laprès li bay jedi 23 fevriye 2017 la nan kapital Meksik la ansanm avek tokay meksiken li a, Luis Videgaray ki, bò kote pa l, deklare:

“2 pati yo genyen gwo diferans antre yo; e pi bon mwayen pou nou rezoud diferans sa yo, se gras ak dyalòg.”

Sekretè Deta Rex Tillerson (mitan) ap souri pandan Minis Afè Etranjè Meksiken an, Luis Videgaray (adwat) ap bay lanmen avèk Minis Sekirite Teritoryal ameriken an, John Kelly, nan chansèlri a nan vil Meksiko. (Foto: 23 fev. 2017).

Sekretè Deta Tillerson te genyen avèk li Minis Sekirite Teritoryal Lèzetazini an, John Kelly, nan vizit sa a ki te santre sitou sou mwayen pou otorite 2 peyi yo rive diminye kè-sote ak mekotantman moun genyen akoz politik nouvo gouvènman ameriken an vizavi peyi Meksik.

Chèf diplomasi amerikèn nan fini pa di li-menm ak Misye Kelly te abòde ak otorite meksiken yo defi ak opòtinite ki genyen nan relasyon ant Lèzetazini avèk Meksik.

XS
SM
MD
LG