Accessibility links

Breaking News

Ozetazini, 2 Nouvo Memo sou Miz-an-Aplikasyon Dekrè Prezidansyèl kont Imigrasyon Ilegal


Ajan imigrasyon ameriken ki tap arete imigran kap viv ilegalman Ozetazini.
(Foto Achiv - Sèvis Aplikasyon Lwa Imigrasyon ak Ladwann Ameriken - ICE).
Ajan imigrasyon ameriken ki tap arete imigran kap viv ilegalman Ozetazini. (Foto Achiv - Sèvis Aplikasyon Lwa Imigrasyon ak Ladwann Ameriken - ICE).

Ozetazini, Depatman Sekirite Teritoryal (Depatman of Homeland Security) pibliye 2 nouvo memo kote li bay detay sou miz-an-aplikasyon dekrè Prezidan Donald Trump pran pou l boke imigrasyon ilegal pandan otorite yo pral depòte imigran kap viv san papye nan peyi a.

Se direktè jeneral Depatman Sekirite Teritoryal la, John Kelly, ki fè parèt 2 memo yo nan jounen madi 21 fevriye 2017 la. Dokiman sa yo vin elaji lis prioyorite yo pou imigan kap fè fas ak depòtasyon imedyaman, yo rezime yon plan pou gouvènman an anboche plizyè milye ajan pou aplike chanjman nan politik imigasyon an, epi yo bay otorite lokal yo dwa pou yo aji kòm ajan imigrasyon pou yo aplike lwa sou imigrasyon yo.

Youn nan 2 memo yo deklare:

"A pati de kounyela a menm, manm pèsonèl Depatman Sekirite Teritoryal la pral gen pou egzekite fidèllman lwa sou imigrasyon Lèzetazini yo kont tout etranje ki merite depòte."

Nan okazyon yon manifestasyon an favè imigran, yon manifestan pote yon pannkat ki di "Dwa imigran se dwamoun"
Nan okazyon yon manifestasyon an favè imigran, yon manifestan pote yon pannkat ki di "Dwa imigran se dwamoun"

Memo yo --ki te deja fuite epi al tonbe nan men medya yo-- pale de yon sèl grenn eksepsyon: se moun ki jwenn pwoteksyon anba règleman ki rele an abreje anglè DACA, sa vle di: "Aksyon Ranvwaye pou Imigran ki te Rive nan peyi a pandan yo te Timoun toujou." Règleman sa a fè pati yon pwogram ansyen Prezidan Barack Obama te tabli.

XS
SM
MD
LG