Accessibility links

Breaking News

Jovenel Moise Prete Sèman kòm 58èm Prezidan Ayisyen Madi 7 Fevriye 2017 la


Nouvo Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise (mitan) chita apre li te fin resevwa bandwòl prezidansyèl la nan okazyon seremoni envestiti li nan palman ayisyen an nan Pòtoprens madi 7 fevriye 2017.
Nouvo Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise (mitan) chita apre li te fin resevwa bandwòl prezidansyèl la nan okazyon seremoni envestiti li nan palman ayisyen an nan Pòtoprens madi 7 fevriye 2017.

Ayiti genyen yon nouvo prezidan: se Jovenel Moise ki prete sèman nan palman an kòm 58èm prezidan peyi a.

Vrèman vre antreprenè Jovenel Moise te prezante devan 2 chanm palman reyini nan kòmansman jounen konstitisyon an fikse a (7 fevriye 2017 la), e an prezans diyitè nasyonal ak entènasyonal li pran angajman solanèl pou li respekte e fè respekte konstitisyon peyi a. Sete premye faz seremoni envestiti a ki te dewoule nan palè lejislatif la

Tapi wouj ki te sou chemen diyitè ak envite donè yo te gen pou swiv pou yo te ale sou tribin kote yo ta pral asiste seremoni prestasyon sèman Jovenel Moise la. (Foto: Sèvis Kreyòl VOA).
Tapi wouj ki te sou chemen diyitè ak envite donè yo te gen pou swiv pou yo te ale sou tribin kote yo ta pral asiste seremoni prestasyon sèman Jovenel Moise la. (Foto: Sèvis Kreyòl VOA).

2èm faz la fèt sou palouz palè nasyonal la kote otorite yo te fè enstale plizyè stand ak yon tribin santral kote diyitè yo ak envite donè yo te chita. Nouvo chèf deta pwononse yon diskou ki santre sou enklizyon sosyal, retablisman etadedwa nan peyi a ak modènizasyon sektè agrikòl la kòm zouti pou yon devlopman nasyonal.

Pami lòt tèm Misye Moise devlope nan mesaj li a, nou jwenn: konba kont koripsyon, ranfòsman ak refòm sistèm lajistis la, relans endistri touritik la, entegrasyon dyaspora a nan vi nasyonal la, elatriye.

Yon pati nan dIskou M. Jovenel Moise fè nan okazyon prestasyon sèman li kòm 58èm Prezidan d Ayiti.
please wait

No media source currently available

0:00 0:19:11 0:00

Klike sou lyen an-lè a pou w swiv yon ekstrè nan diskou nouvo prezidan Repiblik d Ayiti a.

XS
SM
MD
LG