Manm Bawo Avoka Wot Atibonit la regrèt le fèt ke manda yon tyè sena a ap fini madi 8 me a san palman an pa rive vote pou fòme yon nouvo konsèy elektoral pou òganize eleksyon nan peyi a.
Daprè youn nan avoka sa yo, absans yon konsèy elektoral kreye yon vid enstitisyonèl ki kapab debouche sou konsekans moun pa kapab prevwa.
Yon lòt kote, depite sikonskripsyon Saut d’Eau a, Romuald Smith, lanse apèl bay kòlèg li yo nan sena a pou l mande yo apwouve deklarasyon politik jeneral Premye Minis ratifye a, Laurent Lamothe, pral fè madi 8 me 2012 la.
Nap raple ke palman an dwe apwouve politik jeneral nouvo premye minis la pou kapab genyen vrèman yon chanjman gouvènman nan peyi a, daprè konstitisyon 1987 la.
Klike sou ikon ki anba e agoch la pou koute repòtaj korespondan nou Alfred Jean ak Jean-Christophe Collègue nan devlopman 2 nouvèl sa yo.