Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Aristide Denonse Eksklizyon Nan Peyi Dayiti


Ansyen prezidan ayisyen an Jean-Bertrand Aristide
Ansyen prezidan ayisyen an Jean-Bertrand Aristide

Nan premye deklarasyon li fè ann Ayiti apre retou li vandredi 18 mas la nan peyi li, Jean-Bertrand Aristide kritike eksklizyon Pati Fanmi Lavalas nan pwosesis elektoral la.
San li pa site dirèkteman mo eleksyon an ni Konsèy Elektoral Pwovizwa a, KEP, ki te rejte "pou teknikalite" kandida pati ansyen prezidan an nan premye tou eleksyon prezidansyèl ak Lejislativ konteste 28 novanm 2010 yo.
Misye Aristide deklare eksklizyon (Fanmi Lavalas nan pwosesis la) se eksklizyon majorite a.
Analis politik aysiyen Evans Paul, kwè se 2 tèm sa yo (2 mo kle) ki make vandredi sa a diskou retou ansyen prezidan an ann Ayiti apre 7 an egzil nan peyi Afrik Di Sid.
Lidè Lavalas la remèsye Pretoria deske li te aksepte ba li ladesant pandan tout peryòd sa a lakay li.
Koute misye Paul, pòtpawòl Platfòm Altenativ la (opposition) nan Peyi Dayiti, k'ap analize mesaj misye Aristide la. Mr. Evans Paul ap reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Evans Paul.

XS
SM
MD
LG