Accessibility links

27 Janvye 1967 – 27 Janvye 2017 : Sa gen 50 Tan Trajedi te Frape La NAZA

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

(Foto: Koutwazi LA NAZA). De goch a dwat: Astwonòt veteran Virgil Grissom, Ed White (premye ameriken ki mache nan lespas) ak apranti astwonòt Roger Chaffee ki te kanpe kòt a kòt pou yon foto nan Cape Kennedy, Eta Florid.

Vandredi 27 janvye 2017 la fè 50 lane jou pou jou depi yon trajedi te frape La NAZA (Ajans Ayewospasyal Nasyonal Lèzetazini an) ki tap fè premye tès li ak yon vòl abite nan kad misyon Apollo a. Jou sa a, le 27 janvye 1967, dife te pran pandan responsab yo tap fè yon tès woutin sou ranp lansman an. Tou lè 3 astwonòt ki te abò a te pèdi lavi yo. Non yo se: Lyetnan-kolonèl Virgil "Gus" Grissom; Lyetnan-Kolonèl Edward White ak enjenyè Roger B Chaffee.

Se tout nasyon amerikèn nan ki te choke devan trajedi a a. E pandan yon bon tan La NAZA te kanpe plan li te genyen pou l fè volonte Prezidan John Kennedy a tounen yon reyalite.

Vreman vre, nan youn nan diskou sou Eta Inyon Prezidan Kennedy te fè nan kòmansman ane 60 yo, li te di :

“Rèv nou se fè yon moun al mache sou sifas lalin nan epi retounen sen e sof sou latè anvan deseni 60 la fini."

Ekipaj Apollo 11, navèt espasyal La NAZA te voye sou lalin nan fen mwa jiyè 1969: Neil Arsmtrong, Edwin "Buzz" Aldwin, ak Michael Collins.
Ekipaj Apollo 11, navèt espasyal La NAZA te voye sou lalin nan fen mwa jiyè 1969: Neil Arsmtrong, Edwin "Buzz" Aldwin, ak Michael Collins.

Rèv sa a ta pral tounen reyalite vrèman nan dat 20 jiyè 1969 lè 2 astwonòt ameriken, Neil Armstrong ak Edwin Aldwin --kòmandan ak asistan komandan Apollo 11- te debake sou lalin nan epi 4 jou apre –swa le 24 jiyè 1969- yo te retounen sou latè senesòf.

XS
SM
MD
LG