Accessibility links

Breaking News

Diyitè ki Prezan nan Seremoni Prestasyon Sèman Donald Trump la

Donald Trump pandan li tap rive nan Kongrè a pou seremoni prestasoyn sèman li a nan Washington DC, nan fen matine jounen 20 janvye 2017 la.
Donald Trump pandan li tap rive nan Kongrè a pou seremoni prestasoyn sèman li a nan Washington DC, nan fen matine jounen 20 janvye 2017 la.

Pami diyitè ki prezan nan seremoni envestiti 45èm prezidan Lèzetazini an, Dondl Trump, nou jwenn- antwòt:

Prezidan Barack Obama, ak madanm li, Michele Obama; Vis Prezidan Joe Biden, ak madanm li, Doktè Gill Biden; ansyen prezidan ameriken Bill Clinton avèk madanm li, Hillary Clinton ki te an fas Misye Trump nan prezidansyèl Novanm 2017 la kòm kandida Pati Demokrat la; ansyen prezidan George W. Bush ak Madanm li, Laura Bush; manm Kou Suprèm nan. Tout manm Sena.

Prezidan sòtan an, Barack Obama (adwat), ak pwochen prezidan an, Donald Trump kèk minit sèlman anba dewoulman 58èm seremoni prestasyon sèman yon prezidan ameriken nan Kapitòl la nan Washington, nan dat 20 janvye 2017 la.

Men, pou sa k konsènen Chanm Depite a oubyen Chanm dè Reprezantan ki genyen 435 manm, anviwon 70 ladan yo boykote seremoni an pou yo denonse eleksyon Donald Trump la; paske yo panse Larisi te antre nan sistèm elektwonik pwosesis elektoral la pou li te favorize eleksyon kandida repibliken an. Dayè youn nan manm Lacham nan, Depite Eta Jòji John Lewis, pale kareman pou l di Donald Trump pa yon prezidan lejitim; paske, daprè li, se Hillary Clinton ki te ranpòte eleksyon an.

Nap siyale tou prezans ansyen Prezidan Chanm Depite a, Newt Gingrich, ak pèsonalite Misye Trump chwazi pou fòme kabinè ministeryèl li a.

XS
SM
MD
LG