WASHINGTON, DC —
Nan kad konferans pou laprès Konsèy Elektoral Pwovizwa a KEP) bay chak semèn, li bay detay sou pwogrè ki fèt nan pwosesis reyalizasyon dezyèm tou eleksyon lejislatif yo ak eleksyon pou kolektivite teritoryal yo ki fikse pou 29 Janvye 2017 lan.
Daprè responsab yo, distribisyon materyèl non-sansib yo deja kòmanse; epi, ann atandan materyèl sansib yo rive, gen pase men ki fèt nan machin elektoral la.
Pou plis enfòmasyon sou preparasyon pwochen eleksyon yo, klike sou lyen-video anlè a pou nou suiv yon repòtaj Florence Lisené.