Accessibility links

Breaking News

12 Janvye 2010 – 12 Janvye 2017 : Gen 7 Lane depi yon Gwo Tranblemanntè te Devaste Pòtoprens


Tranblemanntè 12 janvye 2010 la te kraze palè nasyonal la ak anpil lòt edifis piblik ak batiman prive nan Pòtoprens.
Tranblemanntè 12 janvye 2010 la te kraze palè nasyonal la ak anpil lòt edifis piblik ak batiman prive nan Pòtoprens.

Nan peyi d Ayiti, jedi 12 Janvye 2017 la make 7èm anivèsè yon tranblemanntè, ak yon puisans 7 pwen 0, te devaste kapital, Pòtoprens, touye plis pase 250 mil moun, detwi plizyè batiman piblik ak prive --pami batiman sa yo genyen Palè Nasyonal-- san bliye plizyè enstitisyon relijye, eskolè ak inivèsitè.

Nan okazyon anivèsè sa a, gouvènman an pibliye yon nòt kote li konsakre jou 12 janvye a kòm yon jounen refleksyon. Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la fè chante yon mès nan Legliz Sacre Coeur Turgeau a nan (Potòprens) nan memwa moun ki te viktim nan ministè a lè tranbleman te kraze lokal la nan dat 12 janvye 2010 la .

Pè André Paul Garraud, ki prezante yon mesaj kote li dekri yon tablo sonb sou sitiyasyon an nan peyi a, envite tout sitwayen ayisyen mete tèt yo ansanm pou yo rekonstwi Ayiti.

Repòtaj Orpha Dessources sou 7èm Anivèsè Tranblemanntè 12 Janvye 2010 la.
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:13 0:00

Klike sou lyen ki anlè paragraf sa a pou suiv yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens, Orpha Dessources.

XS
SM
MD
LG