Accessibility links

Breaking News

"Peyi Balt yo Mèt Konte sou Sipò Etazini Pandan Administrasyon Trump lan," Dapre Senatè John McCain


Yon militè Ameriken kap patisipe nan antrenman gwoup NATO a nan sant training Pabrade a, Lithuania, 29 novanm 2016.
Yon militè Ameriken kap patisipe nan antrenman gwoup NATO a nan sant training Pabrade a, Lithuania, 29 novanm 2016.

Senatè John McCain, nan yon koferans pou laprès nan peyi Estoni, bay garanti kòmkwa peyi Balt yo kapab konte sou Lèzetazini pandan administrasyon pwochen Prezidan Donald Trump lan.

Senatè wo-plase ameriken an pale ak lidè peyi Balt yo kote li di yo ka kontinye konte sou sipò Etazini pandan administrasyon Donald Trump kap vini an si Larisi ta atake peyi sa yo.

Senatè Ameriken, John McCain, agoch, kap pale pandan yon rankont ak laprès ansanm ak Premye Minis Estonian, Juri Ratas, nan Tallinn, madi 27 desanm 2016.
Senatè Ameriken, John McCain, agoch, kap pale pandan yon rankont ak laprès ansanm ak Premye Minis Estonian, Juri Ratas, nan Tallinn, madi 27 desanm 2016.

Senatè John McCain, yon manm pati Prezidan-eli Donald Trump la, pati Repibliken an, te deklare tou jodi 27 desanm 2016 la nan kapital Estoni an, Talinn, ke li pa prevwa ke Etazini pwal lache sanksyon kont Larisi yo apre peyi a te pran Krime an 2014.

E li di, “meyè jan pou Estoni anpeche Larisi mal konpòte l, se pou yo gen yon lame solid ki mete ak yon alyans militè l OTAN solid kote Estoni jwe yon wòl enpòtan kòm manm.”

XS
SM
MD
LG