Prezidan peyi Larisi ak Latiki antann yo pou di asasinay anbasadè ris nan Annkara, Andrei Karlov, pa pral gate bon relasyon ki egzite ant 2 peyi yo. Dapre sa Ajans France Presse rapòte apre 2 lidè yo te pale nan telefòn lendi swa, Prezidan Recep Tayyip Erdogan pran lapawòl nan Istanboul pou l di :
“Nou pataje menm konpreyansyon ak Misye Putin --sètadi domèn kote kowoperasyon nou ak Larisi ap laji, espesyalman nan dosye Siri a, pa pral gen pwoblèm akoz atak sa a.”
Minis afè etranjè 2 peyi yo depoze flè, nan jounen madi 20 desanm 2016 la nan Moskou, devan pòtre Anbasadè Karlov ki te mouri lendi anba bal yon polisye ki pat de sèvis, e li mouri nan sa k sanble ak yon pwotestasyon kont enplikasyon Larisi nan Siri, kote moun pa sispann pèdi lavi yo depi prèske 6 zan deja.